Pular para o conteúdo
Publicidade

Eclesiastes 3

1 Gen yon apwente pou tout bagay. Epi gen yon 3:1 Ekl 3:17tan pou chak sa ki rive anba syèl la

2 Yon tan pou ne,

yon 3:2 Job 14:5tan pou mouri;

yon tan pou plante,

ak yon tan pou dechouke

sa ki plante a.

3 Yon 3:3 Jen 9:5tan pou touye

e yon tan pou geri;

yon tan pou demoli

e yon tan pou bati.

4 Yon tan pou 3:4 Wo 12:15kriye

e yon tan pou ri;

yon tan pou dèy

e yon tan pou danse.

5 Yon tan pou voye wòch

e yon tan pou ranmase wòch;

yon tan pou anbrase

e yon tan pou evite anbrase.

6 Yon tan pou chache

e yon tan pou pèdi.

Yon tan pou konsève,

e yon tan pou jete.

7 Yon tan pou chire

e yon tan pou koude;

yon tan pou 3:7 Am 5:13rete an silans

e yon tan pou pale.

8 Yon tan pou lanmou

e yon tan pou 3:8 Sòm 101:3rayisman;

yon tan pou lagè

e yon tan pou lapè.

9 3:9 Ekl 1:3 Ki avantaj ouvriye a genyen nan tout efò ke li yo? 10 Mwen te 3:10 Ekl 1:13tach ke Bondye te bay a fis a lòm yo, avèk sila yo okipe tèt yo. 11 Li te 3:11 Jen 1:31tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te a soti nan kòmansman jis rive nan lafen. 12 Mwen konnen ke 3:12 Ekl 2:24pa gen pi bon bagay pou yo ta pase rejwi e byen pandan yo gen lavi a. 13 Anplis, pou tout moun ki manje ak bwè yo bonte Bondye nan tout travay li yose don Bondye sa ye. 14 Mwen konnen ke tout sa Bondye va dire pou tout tan. Nanpwen anyen pou mete sou li e nanpwen anyen pou retire sou li, paske Bondye te tèlman travay pou lòm ta 3:14 Ekl 5:7gen lakrent Li. 15 Sa 3:15 Ekl 1:9ki egziste, te la deja e sa ki va ye, te ye deja. Konsa, Bondye chache jwenn sa ki fin pase.

16 Anplis, mwen te anba solèy la ke nan plas lajistis gen 3:16 Ekl 4:1mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. 17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: 3:17 Jen 18:25"Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an," paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay. 18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: "Anverite, Bondye te yo pase a leprèv pou yo ta ke se tankou 3:18 Sòm 49:12-20bèt ke yo ye." 19 3:19 Sòm 49:12Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. 20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan 3:20 Jen 3:19pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. 21 Se kilès ki ka konnen ke 3:21 Ekl 12:7souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba ?

22 Mwen te ke 3:22 Ekl 2:24nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta pase kontan nan tout sa li , paske se konsa a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka l sa ki va vin rive apre li?

Veja também