20 Alò Bondye te di: "Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo." 21 Bondye te kreye 1:21 Sòm 104:25-28gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon. 22 Bondye te beni yo. Li te di: "Fè pitit, e vin miltipliye. Ranpli dlo nan lanmè yo, e kite zwazo yo vin miltipliye sou tè a." 23 Te gen aswè ak maten, yon senkyèm jou.
24 1:24 Jen 2:19 Alò, Bondye te di, "Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo". Se konsa li te fèt.