5 11:5 Jen 18:21 SENYÈ a te vin desann pou wè gran vil avèk kay wo tou won ke fis a lòm yo te fè a. 6 Senyè a te di: "Gade byen, se yon sèl pèp yo ye, e yo tout gen 11:6 Jen 11:1menm lang, epi men sa ke yo kòmanse fè. Konsa, nenpòt sa yo eseye fè, yo p ap anpeche. 7 Vini, 11:7 Jen 1:26annou desann e 11:7 Det 28:49konfonn langaj yo pou yo pa konprann lang youn lòt."
8 Pou sa, SENYÈ a te 11:8 Jen 11:4gaye yo toupatou sou tout tè a, e yo te sispann bati gran vil la. 9 Pou koz sa a, yo te rele non vil la 11:9 Jen 10:10Babel, akoz ke se la, SENYÈ a te konfonn langaj yo nan tout latè. Depi la, SENYÈ a te gaye yo toupatou sifas a tout tè a.