Pular para o conteúdo
Publicidade

Jenèz 15

1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: "15:1 Jen 21:17Pa , Abram, Mwen se yon 15:1 Det 33:29pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran."

2 Abram te di: "O Senyè BONDYE, kisa ou va ban mwen, akoz ke m san pitit, e eritye lakay mwen se Eliézer a Danmas?" 3 Epi Abram te di: "Akoz ke ou pa t ban m pitit pou swiv mwen, pitit ki 15:3 Jen 14:14fèt nan kay mwen an se eritye mwen."

4 Alò, gade byen, pawòl SENYÈ a te vin kote li. Li te di l: "Se pa nonm sa k ap eritye ou, 15:4 Gal 4:28men youn ki va sòti nan pwòp ou, se li ki va eritye ou."

5 Konsa, li te mennen li deyò, e te di: "Koulye a, gade syèl yo, e 15:5 Jen 22:17kontwole zetwal yo, si ou kapab kontwole yo." Epi Li te di li: "Se konsa desandan w ap ye."

6 15:6 Wo 4:3,20-22 Li te kwè nan SENYÈ a, e SENYÈ a konsa, te konsidere sa kòm ladwati li.

7 Li te di Abram: "Mwen se SENYÈ a ki te mennen ou sòti nan 15:7 Jn 11:31Ur a Kaldeyen yo, pou 15:7 Jen 13:15-17bay ou peyi sa a pou posede li."

8 Abram te di: "O Senyè BONDYE, 15:8 Jij 6:36-40kijan mwen kapab konnen ke m ap genyen l vrè?"

9 Alò li te di li: "Pote ban mwen yon gazèl twazan, yon femèl kabrit twzan, yon mal mouton nan twzan, yon toutrèl, avèk yon jenn pijon."

10 Li te pote bay li tout sa yo, e li te koupe yo an de moso. Li te poze mwatye yo chak fasafas ak lòt, men li 15:10 Lev 1:17 pa t koupe zwazo yo. 11 Zwazo ki manje vyann yo te desann sou bèt yo, e Abram te chase yo ale.

12 Alò, solèy la t ap desann, 15:12 Jen 2:21yon gran rèv te tonbe sou Abram. Epi gade byen, yon gwo tenèb ak gran perèz te vin tonbe sou li.

13 Bondye te di Abram: "Konnen byen si ke 15:13 Trav 7:6 desandan ou yo va etranje nan yon peyi ki pa pou yo, kote yo va vin esklav, e 15:13 Egz 1:11 va oprime pandan kat-san ane. 14 Men mwen va osi jije nasyon 15:14 Egz 12:32-38 ke yo va sèvi a, e apre yo va sòti deyò avèk anpil byen. 15 Men pou ou menm, 15:15 Jen 25:8ou va ale zansèt ou yo anpè. Ou va antere nan yon laj byen avanse. 16 Alò, nan katriyèm jenerasyon yo va retounen isit la, paske 15:16 Lev 18:24-28inikite Amoreyen yo poko fini."

17 Li vin rive ke solèy la te fin desann, ke li te fènwa anpil, e gade byen, te parèt yon tòch k ap lafimen avèk yon flanbo te 15:17 Jr 34:18-19 pase antre mòso sa yo.

18 Nan jou sa a, SENYÈ a te yon akò avèk Abram. Li te di: "A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sa a, depi nan 15:18 Nonb 34:1-15 larivyè Égypte la, jis rive nan gran rivyè a, larivyè Euphrate, 19 15:19 Egz 3:17 peyi a Kenyen yo, Kenizyen yo, Kadmonyen yo, 20 Itit yo, Ferezyen yo, Rephaïm yo, 21 Amoreyen yo, Kanaaneyen yo, Gigachyen yo, avèk Jebisyen yo."

Veja também