Publicidade

Gênesis 2

1 Se te konsa syèl yo avèk a te fin fèt, avèk tout lame yo.

2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin travay ke Li te yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te a.

4 Sa se listwa syèl yo avèk a yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e a avèk syèl la. 5 Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou a, e pa t gen moun pou kiltive a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan pousyè a. Li te respire souf lavi l vin antre nan nen l, e lòm te devni yon nanm vivan.

8 Senyè Bondye a te plante yon jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan a, SENYÈ Bondye a te grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.

10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen a. 12 peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.

15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.

16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: "Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri."

18 Alò, Senyè Bondye a te di: "Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va yon asistan jan li dwe genyen".

19 Sòti nan a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.

21 Alò, Senyè Bondye a te yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

23 Lòm nan te di: "Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

24 "Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè." 25 Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-28_14-13-17-