1 Alò, te gen yon 26:1 Jen 12:10gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè 26:1 Jen 20:1-2Abimélec, wa Filisten yo.
2 Senyè a te 26:2 Jen 12:7parèt a li menm e te di: "Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. 3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli 26:3 Jen 22:16-18sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
4 26:4 Jen 15:5 "Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan 26:4 Jen 22:18desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, 5 akoz Abraham te 26:5 Jen 22:16obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo." 6 Konsa, Isaac te viv Guérar.
7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: "26:7 Jen 12:13Li se sè mwen," paske li te pè pou di "madanm mwen" akoz li te panse: "mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl."
8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca.