10 "Koulye a, gade byen, SENYÈ a te kite mwen viv pandan karant-senk ane sa yo, jis jan ke Li te pale a, soti nan tan sila a ke SENYÈ a te pale pawòl sa a Moïse la, lè Israël te mache nan dezè a. Epi koulye a, gade byen, jodi a mwen gen katreven senk ane. 11 14:11 Det 34:7Mwen gen menm fòs jodi a ke m te gen nan jou Moïse te voye mwen an. Tankou fòs mwen te gen nan moman sa a, se konsa fòs mwen ye koulye a, pou fè lagè ak antre sòti.