1 Alò, Jéricho te byen sere pa fis Israël yo. Pèsòn pa t sòti ni antre.
2 SENYÈ a te di a Josué: "Gade, Mwen te livre Jéricho nan men ou, avèk wa li ak gèrye vanyan li yo. 3 Mache antoure vil la avèk tout mesye lagè nou yo pou l tou ansèkle li yon fwa. Ou va fè sa pandan si jou. 4 Anplis, sèt prèt va pote sèt twonpèt fèt ak kòn belye devan lach la.
"Konsa, nan setyèm jou a, nou va mache antoure vil la sèt fwa e prèt yo va soufle twonpèt yo. 5 Li va vin rive ke lè yo fè yon gwo son avèk kòn belye a, lè nou tande son twonpèt la, tout pèp la va rele fò avèk yon gwo bri; epi miray vil la va tonbe plat e pèp la va monte, chak moun tou dwat."
6 Konsa, Josué, fis la a Nun nan, te rele prèt yo. Li te di yo: "Pran lach akò a, e kite sèt prèt yo pote sèt twonpèt yo fèt avèk kòn belye yo devan lach SENYÈ a." 7 Yo te di a pèp la: "Ale devan, mache antoure vil la e kite mesye ak zam yo ale devan lach SENYÈ a."