36 26:36 Mc 14:32-42 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: "Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye."
37 Li te pran avè L 26:37 Mat 4:21Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: "Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M". 26:38 Jn 12:27 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: "Papa M, si se posib, kite 26:39 Mat 20:22tas sila a chape de Mwen menm; 26:39 Mat 26:42men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la."
40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: "Konsa, nou pa t kapab 26:40 Mat 26:38veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. 26:41 Mc 14:38Lespri a byen dispoze, men chè la fèb."
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: "Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, 26:42 Mat 26:39ke volonte Ou fèt."
43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44 Konsa, Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa. Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45 Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: "Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, 26:45 Mc 14:41 lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. 46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!"