Publicidade

Amor de casal

Por Bíblia Online

O amor de casal é celebrado na Bíblia como dom sagrado. O Cântico dos Cânticos exalta a beleza do amor conjugal — íntimo, exclusivo e forte como a morte.

Mete mwen tankou yon so sou ou,

tankou yon so sou bra ou.

Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

Jalouzi sevè tankou Sejou yo;

l pete se tankou dife k ap pete.

Vrèman se flanm SENYÈ a.

Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

ni rivyè p ap ka inonde l.

Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

sa ta konplètman meprize.

Frè Yo

Ou m bat pi vit mwen, fi maryaj mwen an;

ou te m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,

ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.

Kite l bo m ak bo bouch li!

Paske lanmou ou bon pase diven.

Lwil pafen ou yo santi bon.

Non ou menm se tankou lwil kap vide;

se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.

"Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!

Zye ou tankou toutrèl yo."

Jenn Fi Lan

Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an;

anverite, se zèb vèt kap kabann nou.

Salomon

Alò, Senyè Bondye a te di: "Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va yon asistan jan li dwe genyen".

Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.

Lòm nan te di: "Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

"Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè."

Sila ki jwenn yon madanm, jwenn yon bon bagay,

e twouve favè SENYÈ a.

Kite fontèn dlo ou a rete beni,

e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

kite tete li yo satisfè ou tout tan.

Rete debòde nèt ak lanmou li.

Paske poukisa fis mwen an,

ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

e anbrase lestonmak a yon etranje?

Konsa, se pa de yo ye ankò, men yon sèl chè. Sa ke Bondye mete ansanm, pa kite okenn moun separe l."

Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa kòlè pa teni kont de mal li resevwa. Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris osi pou legliz la.

Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a.

De moun pi bon pase yon sèl, paske y ap jwenn bon benefis pou travay yo. Paske si youn nan yo ta tonbe, lòt la va leve pare li. Men malè a sila ki tonbe nanpwen lòt pou l leve a. Anplis, si de moun kouche ansanm, youn chofe lòt; men ki jan yon sèl moun ta ka chofe? Anplis, si youn ka venk sila ki sèl la, de ka reziste ak li; epi yon kòd fèt ak twa fil ap mal pou chire.

Éske Li pa t nou youn sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa youn sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.

"yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou madanm ke li te pran an, gen kontan.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-