Publicidade

Cânticos 1

1 Kantik A 1:1 I Wa 4:32Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.

Jenn Fi a

2 Kite l bo m ak bo bouch li!

Paske 1:2 Kan 1:4lanmou ou bon pase diven.

3 Lwil pafen ou yo santi bon.

1:3 Ekl 7:1 Non ou menm se tankou lwil kap vide;

se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.

4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!

Wa a mennen m nan chanm li yo.

Lòt Yo

1:4 Kan 1:4 "Nou va rejwi nan ou e kontan;

nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.

Jenn Fi a

Ak bon rezon, yo renmen ou konsa."

5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,

O fi a Jérusalem yo, tankou tant 1:5 És 60:7 Kédar yo,

tankou rido a Salomon yo.

6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;

solèy la brile m konsa.

1:6 Sòm 69:8 Fis a manman m yo te byen fache avè m;

Yo te m gadyen chan rezen yo.

Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.

7 Pale mwen, ou menm nan

ke nanm mwen tèlman renmen;

ki kote ou patiraj twoupo ou a?

Ki kote ou konn l kouche a midi?

Paske poukisa mwen ta tankou yon moun

ki vwale figi li nan kote twoupo 1:7 Kan 8:13 zanmi ou yo?

Salomon

8 Si ou menm, ou pa konnen,

O 1:8 Kan 5:9pi bèl pami tout fanm yo;

janbe swiv wout twoupo a,

e patiraj pou jenn kabrit ou yo

akote tant bèje ou yo.

9 Pou mwen, cheri mwen an,

ou tankou 1:9 II Kwo 1:16-17 pi bèl poulich

pami sa kap rale cha Farawon an.

10 figi ou byen bèl ak zanno,

kou ou ak 1:10 Jen 24:53 bèl kolye.

Lòt Yo

11 Nou va pou ou dekorasyon an

anbeli ak pwent an ajan tou won.

Jenn Fi a

12 Pandan wa a te sou tab li,

1:12 Kan 4:14 pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.

13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;

1:13 Sòm 45:8 fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.

14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen

byen plase nan chan rezen 1:14 I Sam 23:29 En-Guédi yo.

Salomon

15 "Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!

1:15 Kan 4:1 Zye ou tankou toutrèl yo."

Jenn Fi Lan

16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, 1:16 Kan 2:3-17cheri mwen an;

anverite, se zèb vèt kap kabann nou.

Salomon

17 Pilye kay nou se 1:17 I Wa 6:9-10bwa sèd

e travès yo se bwa pen.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-