Publicidade

amor de Deus

Por Bíblia Online

O amor de Deus é a maior realidade do universo. Ele nos amou com amor eterno, incondicional e sacrificial — e nada no mundo pode nos separar desse amor.

Amor eterno

Deus amou o mundo de tal maneira que deu o seu Filho. Seu amor é de eternidade a eternidade — nunca falha.

"Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.

Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di:

"Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini.

Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.

Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

SENYÈ a plen mizerikòd ak gras,

lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

Men Ou menm, O SENYÈ,

Ou se yon Bondye ki plen ak gras avèk mizerikòd,

lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.

Akoz lanmou dous Ou pi bon pase lavi,

lèv mwen va louwe Ou.

Natureza do amor divino

Deus é amor. O amor é paciente, benigno. O amor do Pai nos adota como filhos e nos transforma à sua imagem.

Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye. Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.

Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.

Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).

Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.

Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou.

Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.

Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an. Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.

Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.

Expressões do amor de Deus

O Senhor nos ama com alegria e canta sobre nós. Queni a mim vem, amará; e quem me ama, o Pai o amará.

SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fèt lajwa sou ou.

Mwen renmen sila ki renmen m yo.

Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.

Akoz ou presye nan zye M,

akoz ou gen gran valè

e Mwen renmen ou,

Mwen va bay lòt moun nan plas ou

e lòt pèp an echanj pou lavi ou.

Nou te reflechi sou lanmou dous

Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.

O bay toujou lanmou dous Ou a pou sila ki konnen Ou yo,

ak ladwati Ou pou sila ki dwat nan yo.

Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.

Ke lagras Senyè a Jésus Kri, lanmou Bondye a, ak dous kominyon Lespri Sen an, rete avèk nou tout. Amen.

Ke Senyè a dirije nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-