Publicidade

Provérbios 8

1 Èske 8:1 Pwov 1:20-21sajès pa rele?

Èske bon konprann pa leve vwa li?

2 Anlè 8:2 Pwov 9:3-14wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;

la li pran pozisyon li.

3 Akote 8:3 Job 29:7pòtay yo, nan ouvèti vil la,

nan antre pòtay yo, li kriye :

4 nou menm, O mesye yo, mwen rele!

Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.

5 O moun ensanse yo, vin aprann pridans!

8:5 Pwov 1:22-32 Moun fou yo, vin konprann sajès!

6 Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.

lèv mwen louvri, 8:6 Pwov 23:16 y ap devwale bagay ki kòrèk.

7 Paske 8:7 Sòm 37:30bouch mwen va eksprime verite;

epi mechanste vin abominab a lèv mwen.

8 Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;

nanpwen anyen 8:8 Det 32:5kwochi oswa pèvès ladann yo.

9 Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,

e kòrèk pou sila ki 8:9 Pwov 3:13 jwenn konesans lan.

10 Pran 8:10 Pwov 3:14-15konsèy mwen olye ajan,

e konesans olye pi chwa nan pi.

11 Paske, sajès 8:11 Job 28:15-18pi bon ke bijou;

epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.

12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.

Konsa, mwen jwenn 8:12 Pwov 1:4konesans ak bon sans.

13 8:13 Pwov 3:7 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.

14 8:14 Pwov 1:25 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.

Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.

15 Akoz mwen, 8:15 II Kwo 1:10wa yo vin renye;

e gouvènè yo dekrè lajistis.

16 Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;

tout moun ki jijman ki bon yo.

17 Mwen renmen sila ki renmen m yo.

8:17 Pwov 2:4-5 Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen.

18 8:18 Pwov 3:16 Richès ak lonè avèk m;

richès k ap dire ak ladwati.

19 Fwi mwen 8:19 Job 28:15pi bon ke , menm pi.

Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.

20 Mwen mache nan ladwati,

nan mitan wout lajistis yo,

21 Pou m bay a sila ki renmen m, richès;

pou m kab 8:21 Pwov 24:4ranpli kès yo.

22 SENYÈ a te posede m 8:22 Job 28:26-28nan kòmansman travay pa Li;

menm avan zèv ansyen Li yo.

23 Depi nan etènite, mwen te etabli,

depi nan kòmansman, 8:23 Jn 17:5 depi nan tan pi ansyen mond lan.

24 potko gen 8:24 Jen 1:2pwofondè, mwen te fèt,

pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo.

25 8:25 Job 15:7 Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,

mwen te fèt;

26 pandan li potko a ak chan yo,

ni premye grenn pousyè mond lan.

27 Li te etabli syèl yo, mwen te la,

8:27 Job 26:10 Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,

28 Li te syèl yo anwo vin fèm,

sous nan fon yo te vin etabli,

29 Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,

Li te make tras 8:29 Job 38:6fondasyon a;

30 Nan tan sa a, mwen te akote Li,

yon mèt ouvriye; epi, mwen te L plezi tout lajounen

e te rejwi devan L tout tan,

31 Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,

e 8:31 Sòm 16:3kontan nan fis a lòm yo.

32 "Alò, pou sa, fis yo, 8:32 Pwov 5:7koute mwen;

paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.

33 8:33 Pwov 4:1 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.

34 8:34 Pwov 3:13-18 Beni se moun ki koute mwen an,

k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,

k ap veye kote poto pòt kay mwen an.

35 Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi

e resevwa lonè devan SENYÈ a.

36 Men sila ki peche kont mwen an, pwòp tèt li mal;

tout sila ki rayi mwen yo, 8:36 Pwov 21:6 renmen lanmò."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-