Publicidade

Domínio próprio

Por Bíblia Online

O domínio próprio é fruto do Espírito e marca de maturidade espiritual. A Bíblia ensina que quem governa o próprio espírito é melhor do que quem conquista uma cidade.

Fruto do Espírito

O fruto do Espírito inclui domínio próprio. A graça de Deus nos ensina a viver de maneira sóbria e justa neste mundo.

Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri

Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

Governar a si mesmo

Melhor é o que domina o seu espírito do que o que toma uma cidade. A cidade sem muros é o homem sem domínio próprio.

Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;

e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.

Tankou yon gran vil ki kase antre san miray,

se konsa yon nonm ki pa kontwole pwòp tèt li.

Moun san konprann toujou fache;

men yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;

men sila ki frennen lèv li gen sajès.

Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

Mwen disipline mwen pou l vin esklav mwen, sof ke petèt m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.

Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

Disciplina e vigilância

Sede sóbrios e vigilantes. O diabo anda em derredor como leão rugidor. A sobriedade nos protege e fortalece.

Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.

Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann peche, pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.

Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.

Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou. Men yo va rann kont a Sila ki prèt pou jije vivan ak yo a.

ke chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan pasyon lanvi lachè, tankou payen ki pa konnen Bondye yo;

O senhorio de Cristo

Todo domínio pertence a Cristo. Ele é Senhor dos senhores e Rei dos reis — e nos capacita a viver em santidade.

Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

nan tout kote nan wayòm Li an.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Wayòm Ou an se yon wayòm etènèl

e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.

"Mwen te kontinye gade nan vizyon nwit lan, epi vwala, la te vini ak nwaj syèl yo, yon moun tankou yon Fis a Lòm t ap vini; epi Li te vin parèt devan Ansyen A Jou Yo e te l vin prè. A li menm, Li te bay dominasyon, glwa a, ak yon wayòm, pou tout pèp, nasyon ak lang yo ta ka sèvi Li. Dominasyon Li an se yon dominasyon k ap dire jis pou tout tan, ki p ap janm fini. Epi wayòm Li an se yon wayòm ki p ap detwi.

Li te sanble bon pou mwen deklare sign ak mèvèy ke Bondye Pi Wo a te pou mwen yo.

A la gran, sign Li yo gran!

A la pwisan, mèvèy Li yo pwisan!

Wayòm Li se yon wayòm k ap dire jis pou tout tan,

epi dominasyon li de jenerasyon an jenerasyon.

Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

Se travay sa a ke Li te rive an Kris la Li te leve li soti nan lanmò a pou te L chita sou dwat Li nan lye selès yo, pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an.

Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, ki va transfòme move sila a, pou l vin konfòme ak laglwa pa Li a. Li va sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

Paske nou konnen ke Kris ki te leve soti nan lanmò a, p ap janm mouri ankò. Lanmò pa mèt Li ankò.

Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab Bondye plezi.

Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L.

Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.

Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo L vini. Answit va vini lafen, Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li.

Tout pouvwa ak lakrent apatyen a Sila

ki etabli lapè nan wotè Li yo.

Seja o primeiro
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-