Publicidade

Salmos 103

Yon Sòm David

1 103:1 Sòm 104:1-35 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

e pa janm 103:2 Det 6:12bliye benefis Li yo,

3 ki 103:3 Egz 34:7padone tout inikite ou yo,

ki geri tout maladi ou yo,

4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

mizerikòd;

5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

Pou jenès ou vin 103:5 És 40:31renouvle tankou èg la.

6 SENYÈ a 103:6 Sòm 99:4zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

7 Li te chemen Li yo byen klè a Moïse,

zèv Li yo a fis Israël yo.

8 SENYÈ a plen 103:8 Egz 34:6 mizerikòd ak gras,

lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.

9 Li p ap toujou goumen ak nou,

ni Li p ap 103:9 Jr 3:5-12kenbe kòlè Li jis pou tout tan.

10 Li 103:10 Esd 9:13pa t aji avèk nou selon peche nou yo,

ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.

11 Paske menm jan syèl yo pi wo pase a,

menm jan an lanmou dous Li a ye anvè sila ki krent Li yo.

12 Menm jan lès lwen lwès la,

Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.

13 Menm jan 103:13 Mal 3:17ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

14 Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.

Li sonje byen ke nou pa plis ke 103:14 Jen 3:19pousyè.

15 Men pou lòm, jou li yo se 103:15 Sòm 90:5tankou zèb.

Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.

16 Depi 103:16 És 40:7van fin pase sou li, li pa la ankò e

plas li a pa rekonèt li ankò.

17 Men 103:17 Sòm 25:6lanmou dous a SENYÈ a,

soti pou tout tan jis rive pou tout tan

sou sila ki gen lakrent Li yo

e ladwati Li a pitit pitit li yo,

18 pou sila ki kenbe akò Li yo,

e sonje règleman Li yo pou yo.

19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

e souverènte li regne sou tout bagay.

20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

ki obeyisan a vwa pawòl Li!

21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

nou menm 103:21 Sòm 104:4ki sèvi Li nan volonte Li.

22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

nan tout kote nan wayòm Li an.

Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-