Publicidade

Provérbios 29

1 Yon nonm ki tèt di apre anpil repwòch

va 29:1 Pwov 6:15 vin kraze sibitman san remèd.

2 29:2 Est 8:15moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi;

men yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.

3 Yon nonm ki 29:3 Pwov 10:1renmen sajès papa l kontan;

men sila ki pase tan l ak pwostitiye yo gate byen li.

4 29:4 II Kwo 9:8 Avèk jistis, wa a tout peyi a vin estab;

men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.

5 Yon nonm ki 29:5 Sòm 5:9flate vwazen li

ap ouvri filè pou pla pye li.

6 Pa transgresyon yon nonm mechan

vin 29:6 Pwov 22:5pran nan pyèj nèt;

men moun dwat la va chante e rejwi.

7 Moun 29:7 Job 29:16ladwati a gen pou dwa malere;

men mechan an pa menm konprann afè sa a.

8 Mokè yo, gwo vil la pran dife;

men moun 29:8 Pwov 16:14 saj yo kalme kòlè.

9 yon nonm saj gen yon kont ak yon moun san konprann,

moun san konprann nan anraje oswa ri, e nanpwen repo.

10 Moun k ap 29:10 Jen 4:5-8vèse san rayi inosan an;

men moun dwat yo pwoteje lavi li.

11 Moun san konprann toujou fache;

men 29:11 Pwov 19:11yon nonm saj kenbe tèt li anba kontwòl.

12 Si 29:12 I Wa 12:14gouvènè a prete atansyon a manti,

tout minis li yo va vin mechan.

13 Malere a ak opresè a gen yon bagay ki sanble;

se SENYÈ a ki 29:13 Esd 9:8 mete limyè nan zye tou de.

14 Si yon 29:14 Sòm 72:4wa jije pòv yo ak verite,

twòn li va etabli jis pou tout tan.

15 29:15 Pwov 13:24 Baton ak repwòch bay sajès;

men timoun ki sa li pito a mennen wont sou manman l.

16 mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

men 29:16 Sòm 37:34-36moun dwat yo va tonbe yo.

17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

anplis, li va 29:17 Pwov 10:1 bay nanm ou gwo plezi.

18 Kote nanpwen 29:18 I Sam 3:1vizyon, pèp la san fren;

men byen kontan se sila ki kenbe lalwa a.

19 Pawòl sèl p ap ka enstwi yon esklav;

paske malgre li konprann, li p ap reponn.

20 Èske ou yon nonm ki 29:20 Jc 1:19 pale vit san reflechi?

Gen plis espwa pou moun fou a pase li menm.

21 Sila ki byen swaye esklav li depi li piti a,

nan lafen, twouve yon fis.

22 Yon 29:22 Pwov 15:18nonm an kòlè pwovoke konfli

e yon nonm ki plen fachèz anpil .

23 Ògèy a yon nonm va mennen li ba;

men yon 29:23 Pwov 15:33 lespri enb va jwenn respè.

24 Sila ki konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li;

li 29:24 Lev 5:1pran sèman an men li pa pale anyen.

25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;

men sila ki 29:25 Sòm 91:1-16mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

26 Gen anpil moun k ap chache favè a sila ki gouvène a;

men 29:26 És 49:4lajistis pou lòm va sòti nan SENYÈ a.

27 Tankou yon nonm 29:27 Sòm 6:8enjis abominab a moun dwat,

yon nonm ladwati abominab a mechan yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-