Pular para o conteúdo
Publicidade

Família de Deus

Por Bíblia Online

A família de Deus transcende laços de sangue. Em Cristo, somos adotados como filhos, irmãos uns dos outros e membros de uma família eterna — a Igreja.

Adotados por Deus

Recebemos o espírito de adoção pelo qual clamamos: Abba, Pai! Se filhos, também herdeiros — herdeiros de Deus e co-herdeiros com Cristo.

Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele "Abba! Papa a.

Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

Men dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan nou pandan L ap kriye: "Abba! Papa!" Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.

Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus.

li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.

Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou a jwenn non yo,

Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

A comunidade de fé

Não abandonem a congregação. Somos um corpo em Cristo, membros uns dos outros, chamados a amar e a servir.

Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye , men nan ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou jou a ap pwoche.

Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.

Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

konsa nou menm tou ki anpil, nou yon sèl nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt.

Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.

Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm wòch la ki fòme ang prensipal la. Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni yon tanp ki sen nan Senyè a. Nan Li menm, nou osi ap vin bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.

Quem é minha família?

Jesus disse: quem faz a vontade de Deus, esse é meu irmão e irmã. A família de Deus inclui todos os que creem.

Li te reponn yo e te di: "Kilès ki manman M ak frè M?"

Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: "Gade, men manman M avèk frè M yo! Paske sila ki volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, M, ak manman M".

"Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la.

Jésus te di yo: "Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.

Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou . Ak tout, san tach.

Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.

Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke Li parèt nou va tankou Li, paske nou va Li menm jan ke Li ye.

Alò pandan nou gen tan an, annou byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

Seja o primeiro