Pais
Deus é nosso Pai celestial — amoroso, provedor, disciplinador e fiel. As Escrituras também honram os pais terrenos e os chamam a criar os filhos na instrução do Senhor.
O Pai celestial
Deus é Pai de misericórdias. Ele nos adotou como filhos, nos ama incondicionalmente e cuida de cada detalhe da nossa vida.
Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele "Abba! Papa a.
Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye.
Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,
Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri,
Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt.
Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
nou se ajil la e se Ou ki met kanari a;
nou tout se zèv men Ou yo.
Paske Ou se Papa nou,
malgre Abraham pa rekonèt nou,
ni Israël pa rekonèt nou.
Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,
Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.
Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a.
O cuidado paterno de Deus
O Pai celestial sabe do que precisamos antes de pedirmos. Ele dá boas dádivas aos filhos que pedem e cuida até dos passarinhos.
Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
"Men nou menm, lè nou ap priye, ale nan ti chanm andedan kay nou an, e fèmen pòt nou. Priye a Papa nou ki an sekrè a, e Papa nou ki wè an sekrè a ap bay nou rekonpans.
"Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
"Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon kolèv? Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?"
"Pa krent, ti bann nan, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
Conhecer o Pai
Jesus é o caminho para o Pai. Ninguém conhece o Pai senão o Filho e aquele a quem o Filho quiser revelar.
Jésus te di li: "Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
"Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.
"Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.
"Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li."
Jésus te reponn e te di Li: "Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li".
Pèsòn pa janm wè Bondye. Men Fis inik la, ki nan sen Papa L, te fè nou konnen L.
E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
"Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. Mwen avèk Papa a se youn."
"Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè."
"Men pa kite yo rele nou ‘Rabbi’, paske se yon sèl ki Mèt nou, e nou tout se frè nou ye. Epi pa rele pèsòn sou latè ‘papa’, paske se yon sèl ki Papa nou; Sila ki nan syèl la.
Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?
"Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
Koulye a, a Bondye nou an ak Papa a, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
Disciplina e amor paterno
O Pai disciplina os filhos que ama. A correção divina produz fruto de justiça e paz para aqueles que foram exercitados por ela.
Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.
Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
Pais terrenos
A Bíblia honra os pais que criam os filhos nos caminhos de Deus. Honrar pai e mãe é mandamento com promessa de vida longa.
Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.
Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.
Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;
men sila ki aksepte repwòch gen sajès.
Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,
e glwa a fis yo se papa yo.
Sila ki modi papa li oswa manman li an,
lanp li va etenn nan tan fènwa.
Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.
Fwi a vant la se yon rekonpans.
Tankou flèch nan men a yon gèrye,
Se konsa pitit a jèn yo ye.
A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.
Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.
Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,
tankou mwen menm, mwen fè jodi a.
Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.
"Papa yo p ap mete a lanmò pou zak kriminèl fis yo, ni fis a lanmò yo pou zak kriminèl papa yo. Tout moun ap vin mete a lanmò sèlman pou pwòp peche pa yo.
Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo.
M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.
Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.