Publicidade

Isaías 63

1 Se kilès sa ki sòti Edom an,

avèk vètman Botsra byen kolore a?

Kilès sila a, ak abiman majeste Li,

k ap mache nan grandè ak fòs li a?

"Se Mwen menm ki pale nan ladwati,

63:1 So 3:17 ki pwisan pou delivre a."

2 Poukisa abiman Ou wouj

e vètman Ou tankou sila

k ap 63:2 Rev 19:13-15mache nan kivèt diven an?

3 "Mwen te foule nan kivèt diven an sèl,

Pami pèp yo, pa t gen moun avè M.

Anplis, Mwen te foule yo nan kòlè Mwen,

e Mwen te 63:3 Mi 7:10mache kraze yo nan kòlè Mwen an.

Gout san lavi yo te flite sou abiman Mwen

e Mwen te tache tout vètman Mwen yo.

4 Paske 63:4 És 34:8jou vanjans lan te nan M;

e ane racha a M yo rive.

5 Mwen te gade e pa t gen pèsòn pou ede;

Mwen te etone ke pa t gen pèsòn pou bay soutyen.

Akoz sa 63:5 Sòm 44:3pwòp bra M te pote Sali Mwen

e kòlè Mwen te M kanpe.

6 Mwen 63:6 És 22:5te foule nasyon yo byen ba nan kòlè Mwen;

Mwen te yo sou nan kòlè Mwen.

Mwen te vide san lavi yo sou a."

7 Mwen va pale de 63:7 Sòm 25:6lanmou dous SENYÈ a,

ak lwanj SENYÈ a.

Apre tout sa ke SENYÈ a te bannou,

ak gran bonte anvè lakay Israël ke Li te bay yo,

selon labondans konpasyon li,

epi selon gran mizerikòd Li.

8 Paske Li te di: "Anverite, yo se pèp Mwen,

fis ki p ap aji nan manti."

Pou sa, Li te devni 63:8 És 60:16Sovè yo.

9 Nan tout afliksyon yo, 63:9 Jij 10:16Li te aflije

e zanj a prezans Li an te sove yo.

Nan lanmou dous Li a ak mizerikòd Li,

Li te rachte yo.

Li te leve yo, e te pote yo

pandan tout ansyen jou yo.

10 Men yo te rebèl

e konsa, yo te 63:10 Sòm 51:11Lespri Sen Li an vin tris.

Akoz sa, Li te vire Li menm, e Li te devni lènmi yo;

Li te goumen kont yo pou kont Li.

11 Men konsa, Li a te vin sonje ansyen jou yo

ak Moïse e pèp Li.

Li te di "Kote Li, Sila ki te yo monte sòti nan lanmè

ak bèje a bann mouton Li yo?

Kote Li, Sila ki te 63:11 Nonb 11:17-29mete Lespri Sen Li nan mitan yo a?"

12 Ki te men glwa Li a ale akote men dwat Moïse la?

Ki te 63:12 Egz 14:21-22divize dlo yo devan yo

pou pou pwòp tèt Li

yon non ki ta dire pou tout tan?

13 Ki te mennen yo atravè fon yo

tankou cheval nan dezè a,

pou yo pa 63:13 Jr 31:9chape tonbe?

14 Tankou bèt ki te desann nan vale yo,

Lespri SENYÈ a te bay yo repo.

Konsa, Ou te 63:14 Det 32:12mennen pèp Ou a

pou pou Ou yon non ki plen laglwa.

15 Gade anba depi nan syèl la

e soti nan abitasyon sen Ou

ki plen ak glwa Ou.

Kote zèl Ou ak zèv pwisan Ou yo?

Santiman a ou ak konpasyon Ou

te vin anpeche de mwen.

16 Paske Ou se 63:16 És 1:2Papa nou,

malgre Abraham pa rekonèt nou,

ni Israël pa rekonèt nou.

Ou menm, O SENYÈ, Ou se Papa nou,

Redanmtè nou soti nan tan ansyen yo se non Ou.

17 Poukisa, O SENYÈ, Ou 63:17 És 30:28nou egare kite chemen Ou yo?

E te nou di pou nou pa gen lakrent Ou?

Pou koz sèvitè Ou yo, tribi a eritaj Ou yo, retounen.

18 Pèp sen Ou yo te posede sanktyè Ou a pou yon ti tan;

advèsè nou yo te 63:18 Sòm 74:3-7foule li ba nèt.

19 Nou te vin sanble ak sila ke Ou pa t janm gouvène yo,

tankou sila ki pa t rele pa non Ou yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-