Pular para o conteúdo
Publicidade

Ésaïe 9

1 Men nanpwen tristès ankò pou sila ki te nan gwo lapèn nan; nan tan pase yo, Li te trete 9:1 Mat 4:15-16 peyi Zabulon ak peyi Nephthali tankou sa ki pa t gen valè; men pi lwen, Li te fè li plenn glwa, pa lòtbò rivyè Jourdain an, Galilée a pèp etranje yo.

2  9:2 Mat 4:16 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;

sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,

limyè va fonse briye sou yo;

3  9:3 És 26:15 Ou te fè pèp la grandi anpil;

Ou ogmante kè kontan yo.

Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a 9:4 És 14:4 sila ki oprime yo, tankou nan batay an. 5 Paske tout protej gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi 9:6 Mat 28:18 gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 9:7 Dan 2:44 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.

8 SENYÈ a voye yon mesaj rive nan Jacob

e li tonbe sou Israël.

9 Tout pèp la va konnen sa;

9:9 És 7:8-9 Éphraïm ak moun ki rete Samarie yo,

k ap pale ak awogans e ak ògèy nan kè yo:

10  9:10 Mal 1:4 "Brik yo fin tonbe,

men nou va rebati ak wòch taye;

bwa sikomò yo fin koupe,

men nou va ranplase yo ak bwa sèd."

11 Akoz sa, SENYÈ a fè leve kont yo

advèsè ki sòti 9:11 És 7:1-8 Retsin yo

e chofe ènmi yo,

12 Siryen lès yo ak 9:12 II Kwo 28:18 Filisten lwès yo;

epi yo va devore Israël ak machwè ki ouvri.

Malgre sa, kòlè Li p ap detounen

e men L va toujou lonje.

13 Sepandan, pèp la 9:13 Jr 5:3p ap vire retounen

kote Sila ki te frape yo a,

ni yo pa chache SENYÈ dèzame yo.

14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni 9:14 És 19:15 tèt ni ke sou Israël,

ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.

15 Tèt la se 9:15 És 3:2-3 ansyen ki byen respekte a

e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.

16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.

Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.

17 Akoz sa, SENYÈ a pa pran plezi nan jennonm yo,

ni Li pa fè pitye pou òfelen yo, ni pou vèv yo;

paske yo tout se malfektè ki san Bondye

e 9:17 Mat 12:34 bouch yo tout ap pale nan foli.

Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen,

e men L toujou lonje.

18  9:18 Sòm 83:14 Paske mechanste brile tankou dife;

li manje ni pikan ni raje.

Menm gwo rak bwa forè, li fè pran flanm

e yo woule monte kon yon gwo kolòn lafimen.

19 Se gwo kòlè a SENYÈ dèzame yo ki brile peyi a,

e se pèp la ki se lwil pou dife a.

9:19 Mi 7:2-6 Nanpwen moun ki eseye sove frè l.

20 Yo manje sou men dwat la, men yo rete grangou;

yo manje sou men goch la, men yo pa satisfè.

Yo chak manje 9:20 És 49:26 chè pwòp bra yo.

21 Manassé devore Éphraïm, Éphraïm devore Manassé

e ansanm, yo kont Juda.

9:21 És 5:25 Malgre tout sa, kòlè Li pa detounen

e men Li toujou lonje.

Lugar Bíblico
Região / Território
Midiã
Hoje: Al Bad
מִדְיָןmidyanΜαδιάνMadian
Midiã é a terra de Jetro, sacerdote e sogro de Moisés, e dos midianitas, que invadiam as plantações de Israel até serem perseguidos por Gideão e seus homens (Juízes 7:25).
28,49° N, 35,01° L
Citado em 51 versículos
Ver página completa
Pessoa
Tribo de Judá
Davi
דָוִֽדdavidΔαυιδDauid
Davi, filho de Jessé, era pastor em Belém quando Samuel o ungiu; venceu Golias, reinou sobre Israel em Jerusalém e escreveu muitos dos salmos (1 Samuel 16:13).
Significado: “Amado”
Ver página completa
Todos os capítulos de Ésaïe 66
  1. 1
  2. 2
  3. 3
  4. 4
  5. 5
  6. 6
  7. 7
  8. 8
  9. 9
  10. 10
  11. 11
  12. 12
  13. 13
  14. 14
  15. 15
  16. 16
  17. 17
  18. 18
  19. 19
  20. 20
  21. 21
  22. 22
  23. 23
  24. 24
  25. 25
  26. 26
  27. 27
  28. 28
  29. 29
  30. 30
  31. 31
  32. 32
  33. 33
  34. 34
  35. 35
  36. 36
  37. 37
  38. 38
  39. 39
  40. 40
  41. 41
  42. 42
  43. 43
  44. 44
  45. 45
  46. 46
  47. 47
  48. 48
  49. 49
  50. 50
  51. 51
  52. 52
  53. 53
  54. 54
  55. 55
  56. 56
  57. 57
  58. 58
  59. 59
  60. 60
  61. 61
  62. 62
  63. 63
  64. 64
  65. 65
  66. 66

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.