Pular para o conteúdo
Publicidade

Cânticos 7

1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!

O 7:1 Sòm 45:13fi a prens lan!

Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.

2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;

vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;

3 7:3 Kan 4:5 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,

jimo a yon antilòp.

4 Kou ou se yon kou ivwa,

zye ou tankou sous dlo nan 7:4 Nonb 21:26Hesbon yo

akote pòtay a Bath-Rabbim nan.

Nen ou tankou tou Liban ki gade Damas la.

5 Tèt ou kouwone ou tankou 7:5 És 35:2Mòn Carmel

e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.

Wa a kaptire pa très ou yo.

6 A la ou 7:6 Kan 1:15-16bèl e a la ou mèvèye,

ak tout bèlte ou yo!

7 ou kanpe se tankou yon pye palmis

e tete ou se grap li yo.

8 Mwen te di: "Mwen va monte pye palmis lan,

mwen va kenbe tij fwi li yo."

O ke tete ou yo kapab tankou grap

ki pann sou chan rezen nan

e bon odè a 7:8 Kan 2:5souf ou tankou pòm,

9 Epi 7:9 Kan 5:16bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,

e koule dousman nan lèv a sila

ki tonbe nan dòmi yo.

Jenn Fi a

10 Mwen pou cheri mwen an

e 7:10 Sòm 45:11 dezi li se pou mwen.

11 Vini, cheri mwen an!

Annou pati ale nan chan yo

e lojman nan ti vil yo.

12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;

annou 7:12 Kan 6:11gade pou si chan rezen an

gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.

Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.

13 Mandragò yo fin bay bèl odè;

epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,

ni nèf ni ansyen,

ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.

Veja também