Publicidade

Gênesis 12

1 Alò, 12:1 Jen 15:7SENYÈ a te di a Abram: "Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 12:2 Det 26:5Mwen va ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e non ou vin gran. 12:2 Za 8:13Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. 12:3 Jen 22:13Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni."

4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. 12:4 Jen 11:27-31 Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane li te kite Haran. 5 Abram te pran Saraï madanm li avèk Lot, neve li, ak tout 12:5 Jen 13:6zafè yo ke yo te ranmase avèk moun ke yo te vin genyen nan Haran, e yo te pati pou peyi Canaan an. Konsa yo te rive Canaan.

6 Abram te pase nan peyi a jis rive 12:6 Jen 35:4Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.

7 SENYÈ a 12:7 Jen 17:1te parèt a Abram. Li te di: "12:7 Jen 13:5A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a."

Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.

8 Alò, li te kontinye depi la nan mòn nan, nan lès Béthel. Li te monte tant li, avèk 12:8 Jos 8:9-12 Béthel nan lwès, ak nan lès. La li te bati yon lotèl a SENYÈ a, e li te rele non a SENYÈ a.

9 Abram te vwayaje toujou 12:9 Jen 13:1-3Negev. 10 Alò te gen yon 12:10 Jen 26:1gwo grangou nan peyi a, ki Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman 12:10 Jen 43:1di nan peyi a.

11 Li te rive ke li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: "Gade, mwen konnen ke ou se 12:11 Jen 26:7yon fanm ki tèlman bèl! 12 12:12 Jen 20:11Ejipsyen yo ou, yo va di: Sa se madanm li.Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se 12:13 Jen 20:2-12 mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm."

14 Li te vin rive ke Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te ke fanm nan te byen bèl. 15 Ofisyèl Farawon yo te li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan l antre lakay Farawon an. 16 Pou sa li te trete Abram byen pou koz li. Li 12:16 Jen 13:2te bay li mouton avèk bèf kabwa avèk bourik, ak sèvitè, ni mal ni femèl, ak femèl bourik avèk chamo.

17 Men SENYÈ a te 12:17 Jen 20:18frape Farawon avèk gwo malè yo akoz Saraï, madanm Abram nan.

18 Epi Farawon te rele Abram. Li te di li: "12:18 Jen 20:9-10 Kisa ou m la a? Poukisa ou pa t di mwen ke li te madanm ou? 19 Poukisa ou te di: Li se m, pou m te pran l kòm madanm mwen? Alò, men madanm ou, pran l ale."

20 Farawon te kòmande mesye pa l yo konsènan li, epi yo te akonpanye l ale, avèk madanm li, ak tout bagay ki te pou li yo.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-