23 Abraham te vin pwoche, e te di L: 18:23 Egz 23:7"Èske Ou vrèman va fè disparèt moun dwat yo ansanm avèk mechan yo? 24 Sipoze ke gen senkant moun ki dwat nan vil la; èske vrèman Ou va fè l disparèt, e pa prezève kote a pou koz a senkant moun dwat ki ladann yo?
25 "Se lwen Ou pou Ou ta fè yon bagay konsa, pou touye moun dwat yo avèk mechan yo pou dwat yo avèk mechan yo vin trete menm jan. Se lwen Ou menm! Èske 18:25 Det 1:1-17 Jij sou tout latè a p ap aji avèk jistis?"
26 Epi SENYÈ a te di: 18:26 Jr 5:1 "Si Mwen twouve nan Sodome, senkant moun dwat nan vil la, alò, Mwen va prezève tout pou koz a yo menm."
27 Epi Abraham te reponn: "Alò gade byen, mwen te tante pale ak SENYÈ a, malgre mwen pa plis ke 18:27 Jen 3:19pousyè avèk sann. 28 Vin sipoze ke senkant dwat yo manke senk, èske Ou va detwi tout vil la akoz senk lan?" Epi li te di: "Mwen p ap detwi li si Mwen twouve karant-senk ki la."
29 Epi li te pale ankò, e te di: "Sipoze ke gen karant ki twouve la?" Epi li te di: "Mwen p ap fè li pou koz a karant lan."
30 Alò li te di: "O ke SENYÈ a pa vin fache avè m, e mwen va pale; sipoze se trant ki twouve la?" Epi Li te di: "Mwen p ap fè li si Mwen twouve trant lan."
31 Epi li te di: "Koulye a byen gade, mwen te tante pale avèk SENYÈ a; sipoze se ven ki twouve la?" Epi li te di: "Mwen p ap detwi li pou koz a ven yo."
32 Alò li te di: 18:32 Jij 6:39"O ke Senyè a pa vin fache avè m! M ap pale sèl fwa sa; sipoze ke se dis ki twouve la?" Epi li te di: "Mwen p ap detwi li pou koz a dis yo."
33 Depi lè ke li fin pale ak Abraham nan, 18:33 Jen 17:22SENYÈ a te pati, e Abraham te retounen nan kote pa li.