Pular para o conteúdo
Publicidade

Jenèz 6

1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, 2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lezòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.

3 Alò SENYÈ a te di: "6:3 Gal 5:16-17Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane."

4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.

5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi 6:6 Jr 18:7-10SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te 6:6 És 63:10blese Li nan kè L.

7 SENYÈ a te di: 6:7 Det 28:63"Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo."

8 Men Noé te 6:8 Jen 19:19twouve favè nan zye SENYÈ a.

9 Sa yo se achiv jenerasyon Noé yo.

Noé se te yon moun ak 6:9 II Pi 2:5ladwati, 6:9 Jen 17:1san fot nan tan pa li a. Noé te mache avèk Bondye.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também