13 Alò, Bondye te di a Noé: "Lafen tout chè gen tan parèt devan M; paske latè vin ranpli avèk vyolans akoz yo menm. Gade byen, mwen prè pou detwi yo ansanm ak latè. 14 Fè pou kont ou yon lach avèk bwa gofè. Ou va fè l avèk chanm, e kouvri li anndan kon deyò avèk kòl rezin. 15 Se konsa ke ou va fè l: longè lach la va twa san koude (18 pous se yon koude), lajè li va senkant koude, e wotè li va trant koude. 16 Ou va fè yon fenèt pou lach la, fè l rive yon koude mwens ke wotè li. Konsa, plase pòt lach la rive sou de kote li yo. Fè li ak pi ba, dezyèm, avèk twazyèm etaj.
Publicidade
Publicidade