Publicidade

Gênesis 9

8 Alò, Bondye te pale avèk Noé ak fis li yo avè l. Li te di: 9 "Gade byen, Mwen menm, Mwen vin etabli akò Mwen avèk nou, e avèk desandan aprè nou yo, 10 epi avèk chak kreyati vivan ki avè w: zwazo, bèt kay yo, ak chak bèt ki sou latè avèk nou, tout sa ki sòti nan lach la, menm chak bèt sou a.

11 "Mwen etabli akò Mwen avèk nou: Tout chè p ap janm koupe ankò pa dlo delij, ni p ap gen delij ankò pou detwi a."

12 Bondye te di: "Sa se sign akò ke m ap antre Mwen avèk nou, e avèk chak kreyati vivan ki la avèk nou, jis rive pou tout jenerasyon k ap vini yo. 13 Mwen mete lakansyèl Mwen nan nwaj la, epi l ap sèvi kòm yon sign pou akò antre Mwen menm avèk latè a.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-