11 Konsa, mwen te 2:11 Egz 8:32 vini Jérusalem, e mwen te la pandan twa jou. 12 Mwen te leve pandan lannwit lan, avèk kèk bon mesye avèk mwen. Mwen pa t pale pèsòn sa ke Bondye mwen an te mete nan tèt mwen pou fè pou Jérusalem nan, e pa t gen bèt avè m sof ke sila ke mwen menm te monte a. 13 Konsa, mwen te sòti deyò nan nwit lan akote 2:13 Né 3:13 Pòtay Vale a, vè Pwi Dragon an, anplis pou rive nan Pòtay Fimye a, e mwen t ap pase fè enspeksyon miray Jérusalem yo, ki te kraze nèt ak pòtay li yo ki te manje pa dife. 14 Mwen te pase rive pi lwen nan Pòtay Sous Bwote a, avèk 2:14 II Wa 20:20 Dlo Etan a Wa a; men pa t gen kote pou bèt mwen an pase. 15 Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa 2:15 Jn 18:1 ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen. 16 Chèf lokal yo pa t konnen kote mwen te ale a, ni sa mwen te fè a; ni jis rive nan moman sa a, mwen potko pale Jwif yo, prèt yo, moun nòb yo, chèf yo, ni lòt moun ki t ap fè travay yo.