Pular para o conteúdo
Publicidade

Pwovèb 14

1 14:1 Rt 4:11 Fanm saj la bati kay li,

men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

2 Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;

men sila ki chemen 14:2 Pwov 2:15 kwochi a meprize li.

3 Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;

men 14:3 Pwov 12:6lèv a saj yo va pwoteje yo.

4 Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;

men se fòs a bèf la ki richès.

5 Yon 14:5 Rev 1:5temwen fidèl p ap bay manti;

men yon fo temwen pale manti.

6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;

men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

7 Kite 14:7 Pwov 23:9prezans a yon moun ensanse,

sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.

8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;

men 14:8 I Kor 3:19betiz a moun ensanse a se desepsyon.

9 Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;

men 14:9 Pwov 3:34pami moun dwat yo, gen bòn volonte.

10 a konnen pwòp 14:10 I Sam 1:10 amètim ak bonè li;

men ak lòt, sa p ap pataje.

11 14:11 Job 8:15 Lakay mechan yo va detwi;

men tant a moun dwat la va fleri.

12 Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;

men 14:12 Wo 6:21fen li se chemen lanmò an.

13 Menm bouch ri, a ka gen doulè,

e 14:13 Ekl 2:1-2lajwa kon fini nan tristès.

14 a ki pa fidèl va 14:14 Pwov 1:31jwen rekonpans pou pwòp chemen li;

men yon bon moun va rekonpanse pou sa li a.

15 Moun san konprann kwè nan tout bagay;

men yon nonm k ap refleshi veye pa li yo.

16 Yon nonm saj atansyon pou l 14:16 Job 28:28vire kite mal;

men yon moun fou plen ògèy; li pa anyen.

17 Yon nonm kolerik aji nan foli,

e yon nonm kokèn va rayi pa lòt yo.

18 Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;

men moun rezonab lan kouwone ak konesans.

19 14:19 I Sam 2:36 Mal la va bese devan sa ki bon an;

e mechan an devan pòtay a moun dwat la.

20 14:20 Pwov 19:7 Malere a vin rayi menm pa vwazen li;

men moun gwo kòb gen anpil zanmi.

21 Sila ki meprize vwazen li peche;

men 14:21 Sòm 41:1 sila ki gras a malere a, beni.

22 Èske sila ki 14:22 Sòm 36:4fòmante mechanste a, pa egare?

Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki sa ki bon.

23 Nan tout travay gen pwofi;

men pale anpil mennen nan povrete.

24 14:24 Pwov 10:22 Kouwòn saj yo se richès yo;

men betiz moun ensanse se foli yo.

25 Yon vrè temwen sove lavi a moun;

men sila ki 14:25 Pwov 14:5pale manti pase moun nan betiz.

26 Nan 14:26 Pwov 18:10lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

e pitit li yo va jwenn sekou.

27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,

pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

28 Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,

men afè prens ki manke moun gate nèt.

29 Sila ki 14:29 Pwov 16:32lan nan kòlè a, gen gwo konprann;

men sila ki fache vit, leve foli byen wo.

30 Yon trankil se lavi pou a;

men pasyon tout zo yo 14:30 Pwov 12:4 pouri.

31 Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;

men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.

32 Mechan an jete anba pa malfezans li;

men moun ladwati a gen sekou l mouri.

33 Sajès se nan a sila ki gen bon konprann nan;

menm moun ensanse yo, nan , yo konnen.

34 Ladwati leve yon nasyon;

men peche se yon gwo wont pou yon pèp.

35 Favè a wa a se anvè 14:35 Mat 24:45-47sèvitè ki aji ak sajès;

men kòlè li se anvè sila ki gwo wont.

Veja também