Publicidade

Provérbios 16

1 16:1 Pwov 16:9 Plan a sòti nan lòm;

men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.

2 Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;

men SENYÈ a peze sa k nan l.

3 16:3 Sòm 37:5 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

e plan ou yo va etabli.

4 SENYÈ a te tout bagay pou pwòp sèvis li;

menm 16:4 Wo 9:22 mechan yo pou jou jijman an.

5 Tout sila ki gen ògèy, abominab a SENYÈ a;

anverite, li p ap chape anba pinisyon.

6 Pa 16:6 Dan 4:27lanmou dous avèk verite, inikite lave;

e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.

7 chemen a yon nonm SENYÈ a kontan,

16:7 Jen 33:4 l ap menm lènmi li yo vin anpè avè l.

8 Pi bon se piti ak ladwati

pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.

9 Panse a lòm plan pou wout li;

men 16:9 Sòm 37:23 SENYÈ a dirije pa li yo.

10 Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;

bouch li pa dwe erè nan jijman.

11 Yon balans ki jis apatyen a Bondye;

li veye sou tout pwa nan sak yo.

12 Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,

paske yon 16:12 Pwov 25:5twòn etabli sou ladwati.

13 Lèv ki dwat se plezi a wa yo;

e sila ki pale dwat, vin renmen.

14 Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;

men yon nonm saj va kalme li.

15 Nan vizaj a yon wa briye lavi;

e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.

16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase !

Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.

17 16:17 És 35:8 Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;

sila ki veye chemen li an prezève lavi li.

18 Ògèy ale devan destriksyon

e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

19 Li pi bon pou rete 16:19 Pwov 3:34enb nan lespri avèk sila ki ba yo,

pase divize piyaj ak moun ògeye yo.

20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;

beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

21 16:21 Os 14:9 Moun saj nan va rekonèt kon moun bon konprann;

e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.

22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;

men pou disipline moun ensanse yo se foli.

23 16:23 Sòm 37:30 moun saj la enstwi bouch li;

li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.

24 16:24 Sòm 19:10 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

25 16:25 Pwov 12:15 Gen wout ki parèt bon a yon nonm;

men fen li se lanmò.

26 Apeti a yon ouvriye byen pou li;

paske se grangou ki ankouraje l.

27 Yon 16:27 Pwov 6:12-18sanzave fòmante mechanste;

pawòl li yo brile tankou dife wouj.

28 Yon nonm pèvès gaye konfli,

e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.

29 Yon nonm vyolan 16:29 Pwov 1:10ap tante vwazen li

pou l mennen li nan move chemen.

30 Sila kap bay je dou, l pou l kab mennen bagay pèvès;

sila ki fèmen sere lèv li, mal la rive.

31 Yon 16:31 Pwov 20:29tèt blanch se yon kouwòn laglwa;

li jwenn nan chemen ladwati a.

32 Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;

e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila kap kaptire yon gran vil.

33 Tiraj osò fèt nan fon wòb;

men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-