1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;
bon jijman an pa anyèn devan l.
2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman 18:2 Pwov 12:23nan devwale pwòp panse li.
3 Lè yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;
e avèk dezonè, wont vin parèt.
4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon 18:4 Pwov 20:5dlo byen fon;
dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.
5 Panche vè youn moun mechan an pa bon,
ni pou fè jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.
6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;
bouch li ap mande kou.
7 Bouch a 18:7 Sòm 64:8moun san konprann nan se dega li;
e lèv li se pèlen pou nanm li.
8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan
se tankou bonbon ki gen gou dous;
se jis nan fon kò a yo desann.
9 Anplis, sila ki parese nan travay li a
se 18:9 Pwov 28:24 frè a sila ki detwi.
10 18:10 Egz 3:15 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
11 Pou yon nonm 18:11 Pwov 10:15rich, byen li se yon vil ki fò;
kon yon miray byen wo nan panse li.
12 18:12 Pwov 11:2 Avan destriksyon, kè yon nonm plen ògèy;
men imilite ale devan onè.
13 Sila ki 18:13 Pwov 20:25bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;
men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?