Publicidade

Provérbios 18

1 Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l;

bon jijman an pa anyèn devan l.

2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;

men sèlman 18:2 Pwov 12:23nan devwale pwòp panse li.

3 yon nonm mechan vin parèt, mepriz la vini ansanm avè l;

e avèk dezonè, wont vin parèt.

4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon 18:4 Pwov 20:5dlo byen fon;

dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.

5 Panche youn moun mechan an pa bon,

ni pou jijman ki rache jistis nan men moun dwat yo.

6 Lèv a yon moun ensanse mennen konfli;

bouch li ap mande kou.

7 Bouch a 18:7 Sòm 64:8moun san konprann nan se dega li;

e lèv li se pèlen pou nanm li.

8 Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan

se tankou bonbon ki gen gou dous;

se jis nan fon a yo desann.

9 Anplis, sila ki parese nan travay li a

se 18:9 Pwov 28:24 frè a sila ki detwi.

10 18:10 Egz 3:15 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen ;

moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

11 Pou yon nonm 18:11 Pwov 10:15rich, byen li se yon vil ki ;

kon yon miray byen wo nan panse li.

12 18:12 Pwov 11:2 Avan destriksyon, yon nonm plen ògèy;

men imilite ale devan onè.

13 Sila ki 18:13 Pwov 20:25bay repons avan li koute a;

plen foli ak wont.

14 Lespri a yon nonm kapab sipòte maladi;

men nan ka lespri brize a, se kilès ki kab sipòte li?

15 18:15 Pwov 15:4 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;

anplis, zòrèy a saj la chache konesans.

16 18:16 Jen 32:20 Don a yon nonm kont espas pou li,

e mennen li devan moun enpòtan.

17 Premye moun pou plede ka li a, sanble gen rezon;

jiskaske yon lòt moun vin egzamine l.

18 18:18 Pwov 16:33 Tiraj osò konfli sispann;

lap pran desizyon antre moun pwisan yo.

19 Yon frè ki blese se pi rèd pou konvenk pase yon vil fòtifye;

konfli ak li se tankou ba nan yon sitadèl.

20 Se fwi a bouch moun ki satisfè vant li;

18:20 Pwov 14:14 l ap satisfè ak sa ke lèv li pwodwi.

21 18:21 Pwov 12:13 Lanmò ak lavi nan pouvwa a lang lan;

e sila ki renmen l yo, va manje fwi li.

22 Sila ki jwenn yon 18:22 Jen 2:18madanm, jwenn yon bon bagay,

e twouve favè SENYÈ a.

23 18:23 Pwov 19:7 Malere a pale: "Souple, m gras";

men moun rich la reponn byen di.

24 Yon nonm ak anpil zanmi vin kraze nèt;

men gen 18:24 Pwov 17:17yon kalite zanmi ki rete pi pwòch pase yon frè.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_15-35-42-