Pular para o conteúdo
Publicidade

Provérbios 28

1 Mechan yo 28:1 Lev 26:17-36sove ale pa gen k ap kouri dèyè yo;

men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.

2 Pa transgresyon a yon pèp, 28:2 I Wa 16:8-28chèf peyi yo vin anpil;

men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.

3 Yon moun pòv ki peze malere

se tankou gwo lapli ki lave a san kite anyen.

4 Sila ki abandone lalwa a 28:4 Sòm 49:18bay lwanj a moun mechan;

men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.

5 Moun mechan yo 28:5 Sòm 92:6pa konprann lajistis;

men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.

6 28:6 Pwov 19:1 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a

pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.

7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;

men sila ki zanmi ak moun 28:7 Pwov 23:20voras papa l wont.

8 Sila ki agrandi richès li avèk 28:8 Egz 22:25enterè sou lajan,

ranmase li pou sila k ap gras a malere a.

9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,

menm 28:9 Sòm 66:18lapriyè li abominab.

10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an

va li menm tonbe nan pwòp fòs li;

men 28:10 Mat 6:33 sila ki san a, va gen bon eritaj.

11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;

men malere ki gen bon konprann nan l jis li sonde l nèt.

12 moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;

men 28:12 Pwov 28:28mechan yo leve tout moun kache yo.

13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap pwogrè;

men sila ki 28:13 Sòm 32:5 konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

14 A la beni se sila ki toujou 28:14 Pwov 23:17gen lakrent Bondye a!

Men sila ki l di, va tonbe nan malè.

15 Tankou lyon k ap rele ak lous k ap atake,

se konsa yon 28:15 Egz 1:14 chèf mechan ye sou yon pèp malere.

16 Yon 28:16 Ekl 10:16gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;

men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.

17 Yon nonm ki 28:17 Jen 9:6twouble ak koupabilite san moun

va yon fijitif jiskaske li mouri.

Pinga pèsòn ba li soutyen.

18 Sila ki mache san a va delivre;

men sila ki 28:18 Pwov 10:27kwochi a va tonbe byen vit.

19 28:19 Pwov 12:11 Sila ki laboure a va gen anpil manje;

men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

20 Yon nonm 28:20 Pwov 10:6fidèl va gen anpil benediksyon;

men sila ki vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

21 Montre patipri pa bon,

paske yon sèl mòso pen ka yon moun transgrese.

22 Yon nonm ak 28:22 Pwov 23:6move zye kouri dèyè richès

e li pa konnen kisa k ap rive li.

23 Sila ki bay yon moun repwòch

va jwenn plis favè pase sila ki 28:23 Pwov 29:5 flatè ak lang li an.

24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l

epi di: "Sa pa yon transgresyon",

se 28:24 Pwov 18:9 parèy ak yon moun ki detwi.

25 Yon nonm awogan ap 28:25 Pwov 15:18pwovoke konfli;

men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

26 Sila ki 28:26 Pwov 3:5mete konfyans nan pwòp li a se yon moun fou;

men sila ki mache ak sajès la va delivre.

27 Sila ki 28:27 Pwov 11:24bay a malere a p ap janm manke;

men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

28 mechan yo leve, pèp la kache yo;

men yo peri moun dwat yo vin plis.

Veja também