Pular para o conteúdo
Publicidade

Provérbios 3

1 Fis mwen an, 3:1 Sòm 119:61pa bliye enstriksyon mwen an,

men kite ou kenbe kòmandman Mwen yo;

2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

va vin ogmante sou ou.

3 Pa kite 3:3 II Sam 15:20dousè ak verite kite ou.

Mare yo antoure kou ou.

Ekri yo sou tablo ou.

4 Konsa, ou va twouve favè avèk 3:4 Sòm 111:10bon repitasyon

nan men Bondye a, ak moun.

5 3:5 Sòm 37:3-5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout ou;

pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

konsa Li va 3:6 És 45:13pa ou yo vin dwat.

7 3:7 Wo 12:16 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

krent SENYÈ a e vire kite mal.

8 Li va sèvi kon yon 3:8 Pwov 4:22gerizon pou ou,

ak rafrechisman a zo ou.

9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

ak 3:9 Egz 23:19 premye pati nan tout prodwi ou,

10 pou 3:10 Det 28:8depo ou yo kab vin plen ak abondans,

e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

11 3:11 Job 5:17 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

ni rayi repwòch Li,

12 Paske 3:12 Rev 3:19sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

jis tankou yon papa konn korije

fis nan sila li pran plezi a.

13 3:13 Pwov 8:32-34 A la beni nonm ki twouve sajès,

e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

14 Paske 3:14 Job 28:15-19avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

e pwofi li pi bon ke fen.

15 Li 3:15 Job 28:18pi presye pase bijou;

e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

Nan men goch li se 3:16 Pwov 8:18 richès ak lonè.

17 3:17 Mat 11:29 Chemen li yo byen dous,

e tout pa li yo se lapè.

18 Li se yon 3:18 Jen 2:9pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

19 SENYÈ a 3:19 Sòm 104:24ak sajès te fonde latè a;

ak bon konprann Li te etabli syèl yo.

20 Ak konesans Li, 3:20 Jen 7:11fon yo te vin ouvri,

e syèl yo te vin degoute lawouze.

21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

kenbe bon sajès ak bon konprann.

22 Konsa yo va 3:22 Det 32:47lavi pou nanm ou

ak dekorasyon pou kou ou.

23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

e pye ou p ap 3:23 Sòm 91:12 chape.

24 ou 3:24 Job 11:9kouche ou p ap ;

kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

25 Pa gwo laperèz ki parèt sibitman,

ni atak a mechan an l vini.

26 Paske Bondye va konfyans ou,

e va 3:26 I Sam 2:9veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

27 3:27 Wo 13:7 Pa refize byen a sila ki merite l yo,

si se nan kapasite ou pou l.

28 Pa di vwazen ou: "Ale e retounen pita",

oswa "Demen, m ap bay ou", l deja nan men w.

29 3:29 Pwov 6:14 Pa kalkile mal kont vwazen ou

pandan l ap viv an sekirite akote ou.

30 Pa kont ak yon nonm san koz,

depi li pa konn ou .

31 3:31 Sòm 37:1 Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

ni pa chwazi chemen li yo.

32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;

men SENYÈ a 3:32 Job 29:4 vin toupre a sila yo ki dwat yo.

33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,

men Li 3:33 Job 8:6 beni abitasyon a moun dwat yo.

34 3:34 Jc 4:6 Li moke moun k ap moke,

men Li bay gras a sila ki aflije yo.

35 3:35 Dan 12:3 Saj yo va resevwa gran respe kon eritaj,

men moun plen foli yo va dezonere.

Veja também