10 Yon 31:10 Rt 3:11madanm ki ekselan, se kilès ki ka twouve li?
Paske valè li depase bijou.
11 Kè a mari li mete konfyans nan li
e li p ap manke reyisi.
12 Li fè l sa ki bon e pa sa ki mal
pandan tout jou lavi li.
13 Li chache lèn ak len e travay avèk men l ak kè kontan.
14 Li tankou bato komès;
li mennen manje li soti byen lwen.
15 Anplis, li leve pandan li toujou fènwa pou
31:15 Luc 12:42 bay manje a tout lakay li,
ak yon pòsyon pou sèvant li yo.
16 Li konsidere yon chan e achte li.
Ak benefis travay li, li plante yon chan rezen.
17 Li 31:17 I Wa 18:46mare senti l ak gwo fòs
pou fè bra li vin fò.
18 Li santi ke siksè li bon;
lanp li pa janm etenn lannwit.
19 Li lonje men l vè aparèy tise a
e men l kenbe l.
20 Li 31:20 Det 15:11lonje men l vè pòv yo
avèk sila ki gen bezwen an.