1 Tande, O fis yo, 4:1 Sòm 34:11enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
2 Paske mwen bay ou bon konsèy;
4:2 Sòm 89:30 pa abandone enstriksyon mwen.
3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e 4:3 Za 12:10sèl fis devan zye a manman m,
4 Alò, li te 4:4 Ef 6:4enstwi mwen e te di mwen:
"Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
5 Vin ranmase sajès!
4:5 Pwov 16:16 Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
4:6 II Tim 2:10 renmen li e li va veye sou ou.