Confiar no Senhor
Confiar no Senhor é a base de toda vida espiritual. A confiança em Deus nos livra do medo, nos dá paz e nos posiciona para receber as promessas divinas.
Confiar de todo coração
Confia no Senhor de todo o coração. Não te apoies em teu próprio entendimento — em todos os caminhos o reconheça.
Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
Mwen va di a SENYÈ a:
"Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!"
Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,
ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.
Kon mòn antoure Jérusalem yo,
se konsa SENYÈ a antoure pèp Li a
depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.
Li p ap krent move nouvèl.
Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.
Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
Dedye chemen ou a SENYÈ a.
Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:
Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,
Ak jijman ou klere kon midi.
Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,
paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone
sila ki mete konfyans nan Ou yo.
Segurança em Deus
Bem-aventurado o homem que confia no Senhor. Ele é como árvore plantada junto às águas — não temerá quando vier o calor.
"Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,
ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,
ki lonje rasin li akote yon sous dlo.
Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.
Li p ap twouble nan ane sechrès la,
ni sispann bay fwi.
Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an."
O SENYÈ dèzame yo!
A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!
Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,
Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
Yo te pliye e yo te tonbe,
men nou te leve e nou te kanpe dwat.
Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan lòm.
Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,
pase pou mete konfyans nan prens yo.
Não confiar no homem
Não temas — em ti confiarei. Melhor é confiar no Senhor do que confiar no homem ou nos príncipes.
Nan Bondye, ma louwe pawòl li.
Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: "Se Ou menm ki Bondye mwen".
A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
e ki pa t vire vè moun ògèy yo,
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
"Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.