Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 20

Pou direktè koral la; Yon sòm David

1 Ke SENYÈ a kapab reponn ou 20:1 Sòm 50:15nan jou gran twoub la!

Ke non Bondye Jacob la kapab

kenbe ou ansekirite an wo!

2 Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan

sanktiyè a,

epi 20:2 Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion.

3 Ke Li kapab 20:3 Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo,

ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!

4 Ke Li kapab bay ou dezi a ou,

e 20:4 Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo!

5 Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.

Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.

Ke SENYÈ a kapab 20:5 I Sam 1:17akonpli tout priyè ou yo.

6 Alò, mwen konnen ke SENYÈ a

va delivre moun onksyone pa Li a.

Li va 20:6 És 58:9reponn li soti nan syèl sen Li an,

avèk delivrans pwisan men dwat Li a.

7 Genyen kèk ki konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,

20:7 II Kwo 32:8 Men nou va konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.

8 Yo te pliye e yo te tonbe,

men 20:8 Sòm 37:24nou te leve e nou te kanpe dwat.

9 Delivre nou O SENYÈ!

Ke 20:9 Sòm 3:7Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

Veja também