Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 84

Pou direktè koral la; sou gitia la. Yon Sòm a fis a Koré yo.

1 A la abitasyon Ou yo bèl, O SENYÈ dèzame yo!

2 84:2 Sòm 42:1-2 Nanm mwen anvi e menm gen gwo dezi pou lakou SENYÈ a.

m ak chè m chante avèk jwa a Bondye vivan an.

3 Zwazo a osi te twouve yon kay, e

iwondèl la yon nich pou li menm,

kote li kapab swaye pitit li yo pre lòtel Ou yo,

Oh Wa m ak Bondye m.

4 A la 84:4 Sòm 65:4 beni sila ki demere nan lakay Ou yo beni!

Y ap ba Ou lwanj jis pou tout tan.

5 A la beni nonm ki 84:5 Sòm 81:1 gen fòs li nan Ou,

Nan a sila lide wout nan gran chemen Sion an ye.

6 yo pase nan vale Baca a, yo l yon sous;

84:6 Sòm 107:35 Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

7 Yo sòti nan fòs pou antre nan fòs yo.

Yo chak parèt devan Bondye nan Sion.

8 O SENYÈ dèzame yo, tande lapriyè mwen.

Prete zorèy Ou, O 84:8 Sòm 81:1 Bondye Jacob la! Tan

9 Gade byen boukliye nou an.

Gade sou vizaj 84:9 I Sam 16:6 onksyone Ou a.

10 Paske 84:10 Sòm 27:4 yon sèl jou nan lakou Ou a,

pi bon pase mil jou deyò.

Pito m te geran pòt lakay Bondye mwen an,

pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se 84:11 És 60:19-20 yon solèy ak yon boukliye.

SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

12 O SENYÈ dèzame yo!

A la moun ki mete konfyans li nan Ou a beni!

Veja também