Pular para o conteúdo
Publicidade

Salmos 125

Yon chan pou monte tanp lan.

1 Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion,

ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.

2 Kon mòn antoure Jérusalem yo,

se konsa 125:2 Za 2:5SENYÈ a antoure pèp Li a

depi moman sa a, e jis rive pou tout tan.

3 Paske baton wayal plen mechanste p ap poze sou peyi a moun ladwati yo,

jis pou moun dwat yo pa leve men yo pou mal.

4 byen, SENYÈ, a sila ki bon yo, ak sila ki 125:4 Sòm 7:10dwat nan yo.

5 Men pou sila ki vire akote pou 125:5 Pwov 2:15chemen kwochi pa yo,

SENYÈ a va mennen yo sòti avèk

sila ki inikite yo.

Ke lapè rete sou Israël.

Veja também