Pular para o conteúdo
Publicidade

Isaías 26

1 Nan jou sa a, chanson sa a va chante nan peyi Juda:

"Nou gen yon vil ki ;

li monte miray ak ranfò pou 26:1 És 60:18 sekirite.

2 Ouvri 26:2 És 60:11-18pòtay yo pou nasyon ladwati a ka antre;

sila ki rete fidèl la.

3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

Ou va kenbe nan 26:3 És 26:12lapè pafè,

akoz li gen konfyans nan Ou.

4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

paske nan BONDYE SENYÈ a,

nou gen yon 26:4 És 17:10 Wòch etènèl.

5 Paske Li te bese sila ki te rete anwo yo,

vil ki pa t kapab venk lan.

26:5 Job 40:11-13 Li te desann li ba.

Li te desann li jis atè.

Li te jete li nan pousyè.

6 26:6 Job 40:11-13 Pye va foule l, pye a malere a,

pla pye a sila ki san sekou yo."

7 26:7 És 57:2 Chemen moun jis se ladwati.

O Sila Ki Dwat la, wout a moun dwat yo a byen pla.

8 Anverite, selon jijman Ou yo,

O SENYÈ, nou t ap tann Ou.

Non Ou, menm 26:8 Egz 3:15memwa Ou, se dezi a nanm nou.

9 26:9 Sòm 63:5-6 Nan lannwit, nanm mwen anvi Ou.

Anverite, lespri m anndan mwen chache Ou ak enpasyans;

paske jijman Ou yo rive sou latè,

sila ki rete ladann yo, aprann ladwati.

10 Malgre mechan an ta jwenn favè, li pa p aprann ladwati.

Li 26:10 Os 11:7aji ak enjistis nan peyi ladwati.

Konsa, li p ap janm majeste Senyè a.

11 O SENYÈ, men Ou leve wo, men 26:11 És 44:9-18yo pa li;

men yo va zèl Ou pou pèp la

e y ap vin wont.

Anverite, dife va devore lènmi Ou yo.

12 SENYÈ, Ou va etabli 26:12 És 26:3lapè pou nou,

akoz ou te akonpli pou nou tout zèv nou yo.

13 O SENYÈ, Bondye nou an, lòt mèt apà de ou te gouvène nou;

men se non Ou sèl, ke nap konfese.

14 26:14 Det 4:28 Sila ki mouri yo p ap viv.

Lespri ki pati yo p ap leve ankò.

Konsa, Ou te pini yo, detwi yo

e Ou te efase tout memwa a yo menm.

15 26:15 És 9:3 Ou te ogmante nasyon an, O SENYÈ,

Ou te agrandi nasyon an!

Ou leve wo!

Ou te tout lizyè peyi a vin pi laj.

16 O SENYÈ, nan mitan 26:16 És 37:3gwo twoub yo, yo te chache Ou.

Yo pa t ka plis pase respire yon priyè le chatiman Ou te sou yo.

17 26:17 És 13:8 Tankou fanm ansent k ap pwoche tan pou akouche;

li vire l e li rele anmwey nan doulè ansent lan;

se konsa nou te ye devan Ou, O SENYÈ.

18 Nou te ansent, nou te vire ,

men nou pa t bay nesans a plis ke van.

Nou pa t ka akonpli delivrans sou a,

ni 26:18 Sòm 17:14 pitit mond yo pa t tonbe.

19 Moun 26:19 És 25:8mouri Ou yo va viv;

kadav pa yo va leve.

Nou menm ki kouche nan pousyè a,

leve e kri lajwa,

paske lawouze ou se lawouze solèy leve a,

e latè va bay nesans a lespri ki te pati yo.

20 Vini, pèp mwen an, antre nan chanm nou

e fèmen pòt nou dèyè nou.

Kache pou yon ti tan jiskaske 26:20 És 10:5-25gwo kòlè a fin pase.

21 Paske gade byen, SENYÈ a prèt pou sòti nan plas Li,

pou pini sila ki rete sou latè yo pou inikite yo.

Konsa, latè va parèt tout san vèse li yo,

e li p ap kache li yo ankò.

Veja também