Publicidade

Provérbios 12

1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,

men sila ki rayi korije a, se bèt.

2 Yon 12:2 Pwov 3:4bon moun va jwenn favè SENYÈ a;

men Bondye va kondane sila ki manèv mechanste a.

3 Yon nonm p ap etabli ak mal la;

men rasin 12:3 Pwov 10:25moun dwat la p ap sòti menm.

4 Yon bon madanm se kouwòn a mari li;

men sila ki l wont lan se tankou 12:4 Pwov 14:30 pouriti nan zo li.

5 Panse a moun dwat yo jis;

men konsèy a mechan yo se desepsyon.

6 Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;

men 12:6 Pwov 14:3bouch moun dwat yo va delivre yo.

7 Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;

men kay a moun dwat yo va kanpe.

8 Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;

men sila ak panse pèvès la va meprize.

9 Meyè se sila ki enkoni a, men gen sèvitè,

pase sila ki onore pwòp tèt li e manke pen an.

10 Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;

men konpasyon a mechan an se mechanste.

11 Sila 12:11 Pwov 28:19ki raboure li a va gen anpil pen;

men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

12 Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;

men rasin ladwati yo 12:12 Pwov 11:30 va donnen fwi li.

13 Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;

men moun dwat la va evite pwoblèm.

14 Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,

e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.

15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;

men yon nonm saj koute konsèy.

16 yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;

men sila ki saj la evite wont.

17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;

men yon fo temwen twonpe.

18 Genyen yon moun ki pale san pridans

tankou sila k ap goumen ak nepe yo;

men lang a saj la pote gerizon.

19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

men 12:19 Sòm 52:4-5lang ki bay manti a rete pou yon moman.

20 Desepsyon se nan a sila k ap manèv mechanste yo;

men konseye lapè yo gen jwa.

21 12:21 Sòm 91:10 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;

men mechan yo plen ak twoub.

22 12:22 Rev 22:15 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

23 Yon moun 12:23 Pwov 10:14pridan kache sa li konnen;

men moun san konprann pale jis nan foli.

24 Men a dilijan yo va kòmande;

men parese a va 12:24 Jen 49:15kòve.

25 Gwo pwoblèm nan a yon moun peze li desann;

men yon 12:25 És 50:4 bon pawòl l leve.

26 Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;

men chemen a mechan yo egare.

27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,

men pi presye nan sa yon nonm 12:27 Pwov 10:4posede se dilijans.

28 12:28 Det 30:15 Nan chemen ladwati se lavi;

e nan wout li nanpwen lanmò.

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-04_21-26-40-