Publicidade

Provérbios 23

1 ou chita sou tab ak yon ki gouvènè,

konsidere byen sa ki devan ou.

2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

si ou se yon 23:2 Pwov 23:20nonm ak gwo lanvi.

3 Pa dezire bon manje sa yo,

paske se yon repa desepsyon.

4 Pa fatige ou pou jwenn richès;

23:4 Pwov 3:5-7 sispann reflechi sou sa.

5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

Paske, anverite, 23:5 Pwov 27:24li gen zèl kon yon èg

k ap vole syèl yo.

6 Pa manje pen a yon 23:6 Det 15:9mesye ki chich,

ni anvi bèl bagay li;

7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

Li di ou: "Manje e bwè!" Men 23:7 Pwov 26:24-25li pa avè w.

8 Ou va 23:8 Pwov 25:16vomi mòso ke ou te manje a

e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

9 23:9 Mat 7:6 Pa pale nan zòrèy a moun sòt,

paske l ap meprize sajès a pawòl ou yo.

10 Pa deplase ansyen bòn nan,

ni 23:10 Jr 22:3antre nan chan òfelen yo,

11 Paske 23:11 Job 19:25Redanmtè yo a pwisan.

Li va plede ka yo kont ou.

12 Aplike ou a disiplin

ak zòrèy ou a pawòl ki pote konesans.

13 23:13 Pwov 13:24 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

14 Ou va frape li ak baton

pou 23:14 I Kor 5:5delivre nanm li de sejou yo.

15 Fis mwen an, si ou 23:15 Pwov 23:24saj,

pwòp m va kontan tou.

16 Wi, jis anndan m va rejwi

lèv ou pale 23:16 Pwov 8:6sa ki dwat.

17 23:17 Sòm 37:1 Pa kite ou lanvi pechè yo,

men viv nan lakrent SENYÈ a tout tan.

18 Anverite, gen davni,

e 23:18 Sòm 9:18espwa ou p ap anile.

19 Koute, fis mwen an, vin saj

pou 23:19 Pwov 4:23 dirije ou nan chemen an.

20 Pa bwè twòp diven,

ni 23:20 Det 21:20 voras nan manje vyann;

21 paske sila ki 23:21 Pwov 21:17bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

e dòmi nan zye a va l abiye ak vye twal chire.

22 23:22 Pwov 1:8 Koute papa ou ki te ou a,

e pa meprize manman ou l vin granmoun.

23 23:23 Pwov 4:7 Achte verite e pa vann li!

Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.

24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

e 23:24 Pwov 10:1sila ki yon fis ki saj la va gen kontan nan li.

25 Kite 23:25 Pwov 27:11papa ou ak manman ou kontan;

kite fanm ki te ou a, rejwi.

26 Ban m ou, fis mwen an;

kite zye ou 23:26 Sòm 1:2 kontan nan chemen mwen yo.

27 Paske yon pwostitiye se yon fòs byen fon,

e yon 23:27 Pwov 5:20 fanm adiltè se yon ti pwi etwat.

28 Anverite, li 23:28 Pwov 6:26kache veye tankou vòlè,

pou l ogmante enfidelite pami lòm.

29 Se kilès ki gen 23:29 És 5:11-22gwo pwoblèm?

Se kilès ki gen tristès?

Se kilès ki gen konfli?

Se kilès kap plenyèn?

Se kilès ki blese san rezon?

Se kilès ki gen zye wouj?

30 Sila ki 23:30 I Sam 25:36mize sou diven nan,

sila ki ale goute diven mele an.

31 Pa gade diven an l wouj,

l klè nan tas la,

l 23:31 Kan 7:9desann byen dous.

32 Nan dènye moman an, li 23:32 Job 20:16mòde tankou sèpan;

li brile tankou bouch koulèv.

33 Zye ou va bagay ki dwòl,

e panse ou va 23:33 Pwov 2:12twouble anpil.

34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,

oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.

35 "Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!

Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!

m leve, m ap 23:35 Pwov 26:11chache pou m kab bwè ankò."

Veja também

Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-07-05_19-25-13-