Publicidade

Provérbios 28

1 Mechan yo sove ale pa gen k ap kouri dèyè yo;

men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.

2 Pa transgresyon a yon pèp, chèf peyi yo vin anpil;

men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.

3 Yon moun pòv ki peze malere

se tankou gwo lapli ki lave a san kite anyen.

4 Sila ki abandone lalwa a bay lwanj a moun mechan;

men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.

5 Moun mechan yo pa konprann lajistis;

men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.

6 Pi bon se malere ki mache ak ladwati a

pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.

7 Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;

men sila ki zanmi ak moun voras papa l wont.

8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,

ranmase li pou sila k ap gras a malere a.

9 Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,

menm lapriyè li abominab.

10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an

va li menm tonbe nan pwòp fòs li;

men sila ki san a, va gen bon eritaj.

11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;

men malere ki gen bon konprann nan l jis li sonde l nèt.

12 moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;

men mechan yo leve tout moun kache yo.

13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap pwogrè;

men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

14 A la beni se sila ki toujou gen lakrent Bondye a!

Men sila ki l di, va tonbe nan malè.

15 Tankou lyon k ap rele ak lous k ap atake,

se konsa yon chèf mechan ye sou yon pèp malere.

16 Yon gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;

men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.

17 Yon nonm ki twouble ak koupabilite san moun

va yon fijitif jiskaske li mouri.

Pinga pèsòn ba li soutyen.

18 Sila ki mache san a va delivre;

men sila ki kwochi a va tonbe byen vit.

19 Sila ki laboure a va gen anpil manje;

men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

20 Yon nonm fidèl va gen anpil benediksyon;

men sila ki vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.

21 Montre patipri pa bon,

paske yon sèl mòso pen ka yon moun transgrese.

22 Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès

e li pa konnen kisa k ap rive li.

23 Sila ki bay yon moun repwòch

va jwenn plis favè pase sila ki flatè ak lang li an.

24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l

epi di: "Sa pa yon transgresyon",

se parèy ak yon moun ki detwi.

25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;

men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

26 Sila ki mete konfyans nan pwòp li a se yon moun fou;

men sila ki mache ak sajès la va delivre.

27 Sila ki bay a malere a p ap janm manke;

men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.

28 mechan yo leve, pèp la kache yo;

men yo peri moun dwat yo vin plis.

Veja também

Publicidade
Bíblia Online Bíblia Online

Bíblia Online • Versão: 2026-06-29_22-07-56-