6 Ale kote 6:6 Pwov 30:24-25foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, 6:7 Pwov 30:27 san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 kon prepare manje li 6:8 Pwov 10:5nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 6:10 Pwov 24:33 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 6:11 Pwov 24:34 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.