19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: "Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen."
20 Li te di: "Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann." Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: "Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’" 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.