1 Alò 6:1 II Wa 2:3fis a pwofèt yo te di a Élisée: "Gade byen, plas devan ou kote nou rete a twò piti pou nou. 2 Souple, annou ale nan Jourdain an e chak nan nou pran soti la yon poto epi annou fè yon plas pou pwòp tèt nou kote nou kab rete a."
Li te reponn: "Ale."
3 Alò youn nan yo te di: "Souple, fè dakò pou ale avèk sèvitè nou yo."
Li te reponn: "M ap prale." 4 Konsa, li te ale avèk yo. Lè yo rive kote Jourdain an, yo te koupe bwa yo. 5 Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nom nan te kriye fò e te di: "Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!"
6 Epi nonm Bondye a te di: "Se kibò li te tonbe?" Epi lè li te montre li kote a, 6:6 Egz 15:25li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a. 7 Li te di: "Ranmase l pou kont ou." Konsa, li te lonje men li pou te pran l.