Pular para o conteúdo
Publicidade

Miquéias 5

1 Alò, rasanble nou an twoup lame,

O fi a lame yo.

Li fin syèj kont nou.

Ak gwo baton, yo va 5:1 I Wa 22:24frape jij Israël la sou machwè.

2 Men ou menm, Bethléhem Éphrata,

pi piti pami fanmi a Juda yo,

nan 5:2 És 11:1; Jr 30:21ou va soti de Mwen

Youn pou vin chèf an Israël.

pou L vin parèt la te etabli depi

nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.

3 Akoz sa, Li va 5:3 Os 11:8abandone yo jiskaske

sila ki te gen doulè a, fin pouse pitit la.

Nan sa a, retay nan frè li yo

va retounen vin jwenn fis Israël yo.

4 Konsa Li va leve pou mennen

5:4 És 40:11 bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a,

nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a.

Epi yo va viv, paske nan tan sa a,

Li va pwisan jis rive nan 5:4 És 45:22dènye pwent latè.

5 Li va lapè nou5:5 És 9:6; És 8:7-8 Asiryen yo vini nan peyi nou an,

e li va mache nan palè nou yo.

Konsa, nou va leve kont li sèt bèje ak uit chèf prensipal.

6 Yo va 5:6 Na 2:11-13 regle peyi Assyrie ak nepe,

ak peyi Nimrod la menm nan pòtay li yo.

Konsa, li va 5:6 És 14:25delivre nou soti nan men Asiryen an

l envazyon peyi nou an,

ak li mache anndan fwontyè nou an.

7 Epi konsa, 5:7 Mi 2:12retay Jacob la va

nan mitan anpil nasyon pèp yo,

tankou lawouze ki sòti nan SENYÈ a,

tankou lapli k ap farinen sou zèb,

ki p ap tann lòm,

ni reta pou fis a lòm yo.

8 Retay Jacob la va pami nasyon yo,

pami anpil pèp;

Tankou yon lyon pami bèt forè,

tankou yon jèn lyon nan mitan bann mouton;

li menm, si l pase, mache, dechire an mòso

e 5:8 Jen 49:9; Sòm 50:22 p ap gen pèsòn ki pou delivre.

9 Ke men ou vin 5:9 Sòm 10:12leve kont advèsè Ou yo

e lènmi Ou yo va vin koupe retire nèt.

10 "Li va rive, nan jou sa a,", deklare SENYÈ a,

5:10 Za 9:10 "ke Mwen va retire cheval nou yo nan mitan nou

e Mwen va detwi cha lagè nou yo.

11 "Anplis, Mwen va koupe retire 5:11 És 1:7vil

nan peyi nou yo, e mwen va jete tout

miray fòterès nou yo.

12 Mwen va koupe retire zafè tout 5:12 Det 18:10-12wanga

soti nan men nou, e nou p ap gen divinò ankò.

13 5:13 És 2:18 Mwen va retire imaj taye nou yo ak

pilye sakre ki pami nou yo,

pou nou pa adore zèv men nou yo ankò.

14 Mwen va dechouke 5:14 Egz 34:13Asherim ki pami nou yo,

e mwen va detwi vil nou yo.

15 Epi Mwen va 5:15 És 1:24egzekite vanjans kòlè

ak gwo mekontantman sou nasyon ki pa t koute yo."

Veja também