Pular para o conteúdo
Publicidade

1 Samuel 15

1 Alò, Samuel te di a Saül: 15:1 I Sam 9:16"SENYÈ a te voye mwen pou onksyone ou wa sou pèp Li a, sou Israël. Pou sa, koute pawòl a SENYÈ a. 2 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: Mwen va pini Amalek 15:2 Egz 17:8-16pou sa li te Israël la, jan li te opoze li nan chemen an pandan li t ap vini sòti an Égypte la. 3 Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa li gras, men 15:3 I Sam 22:19mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik."

4 Epi Saül te pase lòd rasanble pèp la e te konte yo nan 15:4 Jos 15:24Thelaïm, de-san-mil sòlda apye yo, di-mil mesye Juda yo. 5 Saül te rive kote vil Amalek yo, e li te òganize yon anbiskad nan vale a. 6 Saül te di a Kenyen yo: "Ale, sòti kite Amalekit yo pou m pa detwi nou ansanm avèk yo; paske 15:6 Egz 18:9-10nou te montre favè nou anvè tout fis Israël yo yo te monte soti an Égypte." Konsa, Kenyen yo te sòti nan mitan Amalekit yo.

7 Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan 15:7 Jen 25:18Havila pou rive 15:7 Egz 15:22Schur, ki te lès a Égypte la. 8 Li te kaptire vivan 15:8 I Sam 15:20Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe. 9 Men Saül avèk pèp la te 15:9 I Sam 15:3-19lese Agag viv ansanm avèk pi bèl nan mouton yo, bèf yo, bèt gra yo, jenn mouton yo, tout sa ki te bon, e li pa t dakò pou detwi yo nèt. Men tout sa ki te meprize e san valè, yo te vin detwi nèt.

10 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Samuel e te di: 11 15:11 Egz 32:14"Mwen regrèt ke M te Saül wa, paske 15:11 I Wa 9:6-7li te vire bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo." Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye a SENYÈ a pandan tout nwit lan.

12 Samuel te leve granmmaten pou rankontre Saül. Yo te pale a Samuel, e te di: "Saül te vini nan 15:12 Jos 15:55Carmel e vwala, li te monte yon moniman pou tèt li, e li te vire kontinye desann Guilgal."

13 Samuel te vini kote Saül, e Saül te di li: "Beni se ou menm pa SENYÈ a! Mwen te akonpli lòd SENYÈ a."

14 Men Samuel te di li: "Men ki mouton ke m tande k ap blete nan zòrèy mwen la a e ki rèl a bèf ke m tande la a?"

15 Saül te di: "Yo te mennen yo soti nan Amalekit yo, paske 15:15 Egz 32:22-23pèp la te kite pi bèl nan mouton avèk bèf yo pou sakrifis bay SENYÈ a, Bondye pa w la. Men tout rès nou te genyen an nou te detwi l nèt."

16 Alò, Samuel te di: "Tann e kite mwen menm di ou sa ke SENYÈ a te di mwen yèswa."

Epi li te di li: "Pale"!

17 Samuel te di: "Èske se pa vrè, ke 15:17 I Sam 9:21 malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo? 18 Epi ke SENYÈ a te voye ou yon misyon e te di: 15:18 I Sam 15:3Ale detwi pechè yo nèt; Amalekit yo, e batay kont yo jiskaske yo fin disparèt.19 Pou sa, poukisa ou pa t obeyi vwa SENYÈ a; 15:19 I Sam 14:32men ou te kouri sou piyaj la, e te sa ki mal nan zye SENYÈ a?"

20 Alò Saül te di a Samuel: 15:20 I Sam 15:13"Mwen te obeyi vwa SENYÈ a e te misyon nan sila SENYÈ a te voye mwen an e te mennen retounen Agag, wa Amalek la, e mwen te detwi nèt tout Amalekit yo. 21 Men 15:21 Egz 32:22-23pèp la te pran nan piyaj mouton avèk bèf yo, pi bèl nan sa ki te anba ve pou destriksyon an, pou sakrifis bay SENYÈ a, Bondye ou a nan Guilgal."

22 Samuel te di: 15:22 És 1:11-15"Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo. 23 Paske rebelyon se tankou peche 15:23 Det 18:10divinasyon e refize swiv lòd se tankou inikite avèk idolatri. Akoz ou te refize pawòl SENYÈ a, Li osi te gentan refize ou kòm wa."

24 Alò, Saül te di a Samuel: 15:24 Pwov 29:25"Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, 15:25 Egz 10:17souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a."

26 Men Samuel te di a Saül: "Mwen p ap retounen avè w; paske 15:26 I Sam 13:14ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël." 27 Samuel te vire pou l sòti, 15:27 I Wa 11:30-31Saül te sezi manto li, e li te vin chire. 28 Epi Samuel te di li: 15:28 I Sam 28:17-18"SENYÈ a te dechire wayòm ou an, e Li te bay li a vwazen ou an, ki pi bon pase ou. 29 Anplis, Glwa Israël La 15:29 Éz 24:14p ap manti, ni chanje tèt Li. Paske Li pa yon nonm pou Li ta chanje tèt Li."

30 Alò li te di: "Mwen te peche; souple, onore mwen koulye a devan ansyen a pèp mwen yo ak devan Israël e retounen avè m, 15:30 És 29:13pou m kapab adore SENYÈ a, Bondye ou a."

31 Konsa, Samuel te swiv Saül retounen e Saül te adore SENYÈ a. 32 Alò, Samuel te di: "Mennen ban m Agag, wa Amalekit yo."

Epi Agag te vin kote li avèk kontan. Akoz Agag t ap di: "Asireman gou anmè lanmò a gen tan pase."

33 Men Samuel te di: 15:33 Jij 1:7"Menm jan ke nepe ou te fanm yo vin manke pitit; konsa, manman ou va vin manke pitit pami fanm yo." Epi Samuel te koupe Agag an mòso devan SENYÈ a nan Guilgal.

34 Samuel te ale 15:34 I Sam 7:17Rama; men Saül te monte lakay li nan Guibea ki pou li. 35 15:35 I Sam 19:24Samuel pa t Saül ankò jis jou li te mouri an. Paske Samuel te gen anpil tristès akoz Saül. Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te Saül wa sou Israël.

Veja também