7 Alò, Saül te pale sèvitè li yo: "Chache pou mwen yon fanm ki konn pale ak mò, pou m kab ale kote li pou mande li kèk bagay."
Sèvitè li yo te di li: "Gade byen, gen yon fanm ki konn pale ak mò nan En-Dor."
8 Alò, Saül te kache idantite li avèk lòt rad e te desann, li menm avèk de lòt mesye avèk li. Yo te vin kote fanm nan pandan nwit lan. Li te di: 28:8 És 8:19"Evoke fè monte pou mwen lespri la, souple, e 28:8 Det 18:10-11mennen monte non moun sila ke m va nonmen pou ou a."
15 Alò, Samuel te di a Saül: "Poukisa ou twouble m e mennen m monte?"
Saül te reponn: "Mwen nan gwo pwoblèm anpil; paske Filisten yo ap fè lagè kont mwen, Bondye te kite mwen e Li 28:15 I Sam 28:6pa reponn mwen ankò, ni pa pwofèt yo, ni nan rèv. Pou sa, mwen te rele ou, pou ou kapab fè m konnen kisa pou m fè."
16 Samuel te di: "Poukisa konsa ou vin mande mwen, akoz SENYÈ a te kite ou e te devni lènmi ou? 19 Anplis SENYÈ a va, osi, bay Israël ansanm avèk ou menm nan men Filisten yo. Konsa, demen 28:19 I Sam 31:2ou menm avèk fis ou yo va avèk mwen. Anverite, SENYÈ a va fè bay lame Israël la nan men a Filisten yo!"