Pular para o conteúdo
Publicidade

I Samuel 4

2 Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la. 3 Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: 4:3 Jos 7:7-8"Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo."

4 Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, 4:4 II Sam 6:2ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a. 5 Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, 4:5 Jos 6:5-20tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone. 6 Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: "Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?" Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an. 7 Filisten yo te krent, paske yo te di: "Bondye vin antre nan kan an." Konsa, yo te di: 4:7 Egz 15:14"Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan. 8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a. 9 4:9 I Kor 16:13Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!" 10 Konsa, Filisten yo te goumen e 4:10 Det 28:15-25Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye. 11 Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi 4:11 I Sam 2:34de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.

Estes versículos te tocaram? Ore agora!

+581 estão orando agora.

Junte-se à corrente de oração.

Veja também